pa Lyonèl D. Desmarattes
Premye fwa e sel fwa mwen te fè konesans Michael Benjamin alyas MikaBen, sete nan mwa Jen 2012 nan okazyon premye e jiskisi sèl grenn patisipasyon mwen nan fèt nasyonal anyèl ki rele "Livres en Folie" a nan Restoran Pak Istorik Kàn a Sik, pa lwen Èpòt Tousen Louvèti nan Pòtoprens. Sete 18èm edisyon an… Lavèy ouvèti randevou anyèl sa a ki, sa gen 10 zan, te dire yon sèl grenn jou toujou, yon get together te dewoule nan palè nasyonal la kote Prezidan Michel Martelly te rankontre e felisite atis yo, sitou ekriven ki ta pral patisipe nan evènman kiltirèl ak atistik prestijye sa a.
Mwen te reponn prezan nan edisyon sa a pou n te siyen Woben Lakwaw, swa yon adaptasyon/tradiksyon Robinson Crusöé, chedèv ke ekriven britanik Daniel Defoe, yon veritab pyonye nan zafè ekri woman davanti sou lanmè, te pibliye le 25 avril 1719 e ki, plis pase travay Jules Verne yo, rete yon referans si e sèten nan domèn nan.
Nan okazyon randevou nan palè a, 2, 3 gwo non nan espirityalite ak entèlijennsya peyi a te resevwa yon distenksyon espesyal pou travay yo nan edikasyon jenès la epi kòm modèl sitwayen pou nou tout ki vini aprè yo. Mwen ka site 2 moniman nasyonal: Odette Roy-Fombrun avèk Francketienne. Sete premye fwa m te wè Franck (devansye mwen e zanmi mwen ke m ap suiv depi kèk timoun Desmarattes t ap frekante kolèj li a sou Bèlè -nou wè se pa jodi a), ebyen, m pa t janm wè anvan sa Franck monte wo konsa avèk Lang Molière la; e sa pa gen lontan, nan yon okazyon ki memorab pou li e pou mwen, m te rele l pou m te di l sa pèsonèlman. Wi; jou sa a, nan lakou palè ki tou kraze a, ki tou ajenou san n pa konn kilè l ap leve a, Franck te pale yon fransè mwen pa t tande depi 1981, ane kote m te fè repòtaj pou Radyo Nasyonal d Ayiti sou premye konferans oubyen premye kòlòk sou enpòtans tourism jwe nan alimantasyon asyèt ekonomik yon peyi.
Egzèsis entèlektyèl sa a te dewoule nan Club Med, nan Montrouis, e pèsonalite ki te pale fransè enpekab sa a e san papye ankò SVP, te rele Marc L. Bazin. Menm sitwayen fransè ki te prezan te rete bouch be, tèlman yo te rete kole, pandye nan bouch sila ki ta pral tounen pi ta fondatè ak lidè MIDH ou Mouvement pour l’Instoration de la Démocratie en Haiti.
Pou m retounen sou MikaBen, youn nan chanson li te entèprete nan okazyon an gen pou tit “Ayiti se…” avèk pawòl ki di –au grė de ma mėmoire:
“Ayiti sè bèl solèy, bèl kouran dlo…
Se Pik Makaya, se Sitadèl, se Marigo…
Ayiti se Mòn Tapyon, se So Matirin ak Kaskad Pichon…”
Sa ki pi touche m nan mizik sa a sè ke lyrics yo (pawòl yo) mansyone jisteman Kaskad Pichon ki twouve l nan komin natal mwen, Komin Bèlans, nan Depatman Sidès peyi a. An fèt, konsyamman ou enkonsyamman, yon fèt ekspre oubyen yon aksidan, mwen ka deklare -menm jan anpil lòt moun Sidès ka di sa pou tèt pa yo ak pou fanmi yo- avèk mizik sa a MikaBen sanse onore tout fanmi Desmarattes la, paske li pale tou de Marigo kote patriyach fanmi an, Dominique, papa mwen (RIP), te pran nesans; dayè se poutèt sa li te pote prenon li te genyen an: se non Sen Patwon vil la, Sen Dominique. An plis de sa e menm akoz de sa presizeman, mwen toujou pran san m pou m kite chanson an –tout pawòl ak tout mizik- byen penetre powèt mwen panse m ye a ou ke kèk moun di m mwen sanble a.
Koutdèy pwolonje sa a pèmèt mwen di sa yon kritik literè tankou Jean-Claude Cheri ta ekri, oubyen yon misikològ tankou Ralph Boncy ta ekri:
<<Pou yon moun jwenn mo ki korèk pou koresponn ak senfoni oubyen melodi mizk sa a e tou espesyalman fè mo yo bobo ak santiman ki dikte yon kreyasyon konsa, fòk moun sa a ka reponn prezan lè kritik yo ap chache idantifye kalte kretyen vivan ra e san parèy ki resevwa sa ekriven fransè Jean Renart (fen 12èm-premye mwatye 13èm syèk) rele “Le souffle divin”.>>
Paske, pou mwen menm, MikaBen se youn nan eli, youn nan “moun chwazi” sa yo. Epi, apre tou, se pitit kiyès li ye? Papa l pa rele Lionel Benjamin? Yon bon, yon bonbon, yon top, yon izotop nan mond atistik la, sitou mond mizikal la ann Ayiti? Èske, akote Wawa, Claudette Pierre-Louis ak Ti Pyè, Lionel se pa youn nan 4 pyonye nan zafè konpozisyon ak entèpretasyon mizik nwèl nan tout istwa chanson nan peyi a? Dayè, si m pa twonpe, yon ayisyen ap reponn san mank “Lionel Benjamin –pwen bar” si ou mande l: “Ki moun yo rele Tonton Nwel Ayisyen an”? Anvan atis nou sòt site yo, e sitou Lionel Benjamin, se pa t “white Christmas” swa “Nowèl blan” nou te konn chante ann Ayiti? Ebyen, nou pa ka etone si MikaBen te genyen tout talan sa yo, amwens ke nou pa janm tande pwovèb ki di: ”Pitit Mouton Se Mouton!” (Kreyòl pale, Kreyòl konprann…).
Desè sibit MikaBen frape tout moun ki te konnen li e menm sa ki pa t konnen li, ni ann Ayiti ni a letranje. Sa fè m sonje yon otè lantikite grèk ki te ekri:
"Lanmò se yon fanm mechan e kriyèl. Lè l ap frape, li vize kote ki pi sansib la e ki fè mal plis la. Se konsa li ka fè yon papa antere pitit gason li, yon manman antere pitit fi li. Se nan tan lagè nou te dwe wè bagay konsa; e lè sa rive nan peryòd lapè, pa gen konsolasyon…"
An nou kenbe lafanmi Benjamin nan priyè nou e se pou Gran Mèt la ede Lionel Benjamin (kòlèg mwen, tokay mwen e zanmi mwen), madanm li ak tout fanmi an pase kap difisil sa a avèk kouraj. Se pou MikaBen repoze an pè.
Lyonel D.Desmarattes
Akademisyen/Kreyolis Angaje
Wachintonn D. C., 16 oktòb 2022.
Commentaires