Se avèk anpil plezi n ap anonse piblikasyon anvan lontan yon tradiksyon/adaptasyon youn nan pi gwo woman ki egziste nan literati fransèz la, Les Trois Mousquetaires, youn nan bèl mèvèy literè Alexandre Dumas Père te janm ekri. Gen analis, kritik ak konesè nan domèn nan ki fè konnen se 3èm liv yo plis tradui, adapte e adopte (pou televizyon, sinema, ti komik, elatriye) epi vann nan mond oksidantal la apre Labib ak Robinson Crusoé. Reyalizasyon sa a antre nan kad travay anrichisman yon seri ke otè a, Akademisyen Lyonel D. Desmarattes, rele “Koleksyon Kreyolad” ak efò manbreman ak ranfòsman bibliyografi kreyòl la.
Tradiksyon kreyòl sa a –Pwofesè Bryant C. Freeman, direktè-fondatè Enstiti Kreyòl Inivèsite Kansas la, nan Lawrence KS, ta di pito “yon entèpretasyon ayisyen” zèv Alexandre Dumas a, ap parèt pou lapremyè fwa nan okazyon ‘Jounen Liv ak Medya Ayisyen an’ ki pral dewoule nan Long Island, New York, nan dat samdi 20 ak dimanch 21 avril 2024 la kote Mesye Desmarattes pral parèt kòm ko-envite donè, akote yon gwo fanm nan komminote ayisyèn nan o Kanada, Darlène Lozis, ki gen ti non jwèt Manmzèl Choublak, yon redaktris, yon ekriven, yon lidè kominotè ki anime chak wikenn nan Monreyal yon pwogram sou kilti ak sosyete ayisyen an.
Entwodiksyon :
Pou Lyonel Desmarattes prezante ‘Chevalye d’Artagnan Oubyen yon 4èm Mousketè’, li fè deklarasyon sa a:
“San okenn pretansyon, kite m kòmanse pa di pandan m t ap reflechi pou m jwenn pi bon fason pou m eksplike poukisa mwen pran anpil tan, mwen boule (?) bon jan enèji pou m devlope Koleksyon Kreyolad la depi kòmansman ane 1980 yo, mwen sonje yon deklarasyon mwen te li nan prefas youn nan liv Jean-Jacques Rousseau yo, otè “Emile ou de l’Education” ak “Les Confessions”, kote gran pansè, gwo filozòf sa a te ekri:
“Je forme une entreprise qui n’eut jamais d’exemple et dont l’exécution n’aura point d’imitateur. Je veux montrer à mes semblables un homme dans toute la vérité de la nature; et cet homme ce sera moi.”
(Jean-Jacques Rousseau, Les Confessions, 2ême Préambule, 1765-1770).
Anvan m al pi lwen, m ap presize pou zanmi lektè ki pa ta konnen sa deja, Koleksyon Kreyolad la gen ladan l liv sa yo:
Mouche Defas ou Le Tartuffe (Molière) an kreyòl;
Lekòl Medam yo, ou L’ Ecole des Femmes (Molière) an kreyòl;
Fanm Filozòf, ou Les Femmes Savantes (Molière) an kreyòl;
Zanmi Pèsonn ou Le Misanthropre (Molière) an kreyòl;
Pèp Bondye a ou Athalie (Jean Racine) an kreyòl;
Bravo pou Ayiti, ou Horace (Pierre Corneille) an keyòl;
Woben Lakwa, ou Robinson Crusoé (Daniel Defoe);
Tim Tim – Bwa Chèch, Kont Pa m – Istwa Pa m, ki se yon kreyasyon, yon pwodui konsepsyon pa nou...
NDLD: Lis la pral ralonje anvan lontan avèk tit sa a: “Chevalye d’Artagnan Oubyen yon 4èm Mousketè” nan okazyon ‘Jounen Liv ak Medya Ayisyen an’ nan Long Island, New York, kote Lyonel Desmarattes se ko-envite espesyal.
Nan okazyon an lektè ki enterese yo va kapab jwenn yon 2èm edisyon plakèt powèm kreyòl “Tim Tim, Bwa Chèch, Kont Pa M, Istwa Pa M”, yon 4èm edisyon “Mouche Defas” ou tradiksyon “Tartuffe” en kreyòl, epi premye edisyon yon liv Desmarrattes ekri nan entansyon timoun ki fèk ap aprann jewografi kontinan ameriken an. Tit la se “Discovering the Americas” ki sòti nan fen mwa mas 2024 la nan Christian Faith Publishing.com, nan Meadville, Eta Pennsilvani. Tankou redaktè an chèf Christian Faith Publishing.com, John Prickett, ki te sipèvize preparasyon liv la pandan anvion 5 lane, anonse sa a, vèsyon kreyòl, franse ak espayòl liv la gen pou parèt sou menm fòm ak vèsyon angle a, yon fòm ki rann liv la enterasan pou timoun yo, paske li ekri an vè ak rim, sa ki ba li “yon valè ajoute moun pa jwenn nòmalman nan yon liv jewografi.”
Lyonel Desmarattes fini pa di:
“ Mwen an mezi anonse lektè yo se san pran souf n ap travay pou nou kontinye kore litertai kreyòl la, dotanpliske mwen genyen anpil tan nan men mwen kounyela a apre mwen pran retrèt mwen nan domèn enfòmasyon an kote m te milite pandan prèske 50 lane. Mwen deja genyen nan kouti yon nouvo liv ke mwen konsidere kòm liv fetich mwen, savledi li gen nan zye mwen menm enpòtans –si se pa plis- ak Woben Lakwa (Daniel Defoe, Robinson Crusoë, an Kreyòl) epi Pèp Bondye a, ou Athalie (Jean Racine) an Kreyòl. Tit la se “Egzile sou Zile”, yon tradiksyon “Les Naufragés du Pôle Nord”, yon liv otè enkoni ki montre ki mirak ki ka fèt pou pwoteje lavi yon moun ki kwè toutotan li kenbe lafwa li nan Gran Mèt la nan kèlkeswa sikonstans la. “Egzile sou Zile” deja nan men korekè Aly Jean-Louis ak pwofesè fransè Danick Pierre-Louis pou revizyon e l ap pare pou piblikasyon nan okazyon pwochen “Jounen Liv ak Medya Ayisyen an”, swa nan yon lane.
Last but not least: Toujou nan kad efò n ap deplwaye pou nou kore travay anrichisman, vilgarizasyon ak valorizasyon lang kreyòl la, nou pral lanse anvan lontan yon pwogram video sou YouTube k ap rele POSTCARD USA, kote nou va santre atansyon nou sou prezantasyon lye touristik ameriken yo avèk pèsonaj istorik mondyal ke piblik ayisyen an pa konnen, poko konnen oubyen ta dwe konnen.”
HPN
Comments