Lyonel D. Desmarattes
Sa pa gen lontan, mwen t ap gade yon dokimantè yo te anrejistre nan youn nan sa yo rele “Dom-Tom” yo, swa yon pati nan tèritwa nasyonal Lafrans ki pa atache ak “l’Hexagone”. Se sa yo te ka rele nan langaj yon savan ki espesyalize nan domèn jewografi “La France continentale” ou mas fizik Lafrans ki ann Ewòp la e ki gen fwontyè avèk anwo: La Bèljik ak kanal franko-britanik La Manch oubyen Pa de Kalè; alès ou adwat: Liksanbou, Lalmay, Lasuis, Itali; osid: Lespay, Monako ak Lanmè Meditèrane; anfen alwès ou agoch: Oseyan Atlantik la… Tou sa pou nou pataje richès ak pouvwa konesans avèk zanmi nou yo e sitou pou n presize ke sèn nan t ap dewoule non pa nan Pari, nan Masèy, Monpelye, oubyen Nant, elatriye; men pito nan La Giyàn Fransez ki chita nan pati nò Amerik di Sid la.
Olye mwen file dwat ale nan filè g òl la –se sa m te aprann lè m t ap editye teknik repòtaj jounalistik nan tan modèn yo (pa kite plas pou detay ranplisaj, friyoriti ki pa ajoute anyen kòm enfòmasyon, kòm nouvèl veritab, si prezans yo nan tèks la pa jwe okenn wòl ki fè sans ou bonsans… s.t.d. si ou pa t ap wete anyen nan kontni mesaj la si ranplisaj sa yo pa la), alos! anvan mwen rive nan nannan koze a, m ta vle pran yon ti tan pou m di gen anpil moun –e menm moun nou pa ta kwe- ki panse Giyàn Fransèz se yon zile ki sitiye nan Gwoupzil Karayib la, menm jan ak Lamatinik ak Lagwadloup; se menm bagay la tou pou Sirinam ak Gayana: gen moun ki panse se 3 zile, menm jan ak Trinidad Tobago, Jamayik, Kiba, Pòtoriko, Ispanyola (Ayiti/Repiblik Dominikèn), elt...
Tou kòm Giyàn Fransèz (ansyen (?) koloni Lafrans), n ap di Sirinam (ansyenn koloni La Oland) avèk Gayana (ansyen koloni Grann Bretay), se 2 tèritwa ki chita sou sa Enjenyè-Jewològ Jocelyn David ta rele yon “pangea” (“pan”: grèk pou “ini” “reyini”, “rasanble”, “ansanm” + “gea” pou “tè”, “gwo moso tè”), yon mas tè ki gen yon fòm kontinantal ou sou-kontinantal kontini e ki, avèk Venezuela plis Kolonbi, sanse reprezante yon chapo nan tèt Amerik di Sid. Sepandan, tout sa n di la a pa anpeche ke se avèk fyète pou sitwayen peyi kontinantal sa yo di w yo gen kòt avèk bèl plaj twopikal ki bay sou Lanmè Karayib la e se ak yon veritab ogey yo deklare ke, an gwo, yo pataje menm kilti ak majorite peyi nan Basen Karayib la, ou peyi antiyè yo. Vremanvre, mwen menm k ap viv Ozetazini depi byen lontan–tèlman lontan mwen sispann konte ane yo pou tèt mwen pa vire- mwen byen plase pou m di yon moun gen anpil imigran ayisyen, dominiken, kiben, pòtoriken, bahameyen, elatriye, ki pito al manje nan restoran sirinamyen ak g”a”yanè (pa g”i”yanè, non!) olye yo ale plen vant yo ak lòt kalite manje etnik si, pou yon rezon oubyen yon lòt, madanm yo, mennaj yo, ti zanmi espesyal yo, oubyen yon lòt moun lakay yo ta deside pa monte chodye sou dife yon jou. Se pou m di nou kijan afinite a, plis ke vrèsanblab, li klè, li reyèl ant abitan tout peyi nou site la yo avek nasyon ki chita nan pati nò Amerik di Sid la. Mwen t al vzite vil Katajèn (Cartagena) nan Kolonbi, se menm solèy la, menm klima a nan sezon ete, ak sitou menm kalite manje a. Sèl diferans: manje nou pote non kreyòl ak franse; manje pa yo gen non espayòl… pwen Yves Jean-Bar…
M ap mete fen rapidmnn nan digresyon sa a pou n di kareman e san zanbaj, san kachotri, sa m te anonse m gen pou pataje avèk nou an --swa yon tripotaj, yon zen, yon jouda sou yon pwogram televise mwen te gade e ki te soti nan La Giyan Fransez. Konpatriyòt ayisyen m yo ap konprann trè byen poukisa pwogram sa a te enterese m si m di topik, tèm espikè a oubyen espikrin nan t ap prezante a sete –san m pa pran risk pou m twonpe m: “Lavi ak Aksyon Lanprè Jean-Jacques Dessalines.” (Byen tonbe pou yon 17 oktòb… pa vre?) .
Si m ekri non pè fondatè nasyon an nan òtograf li genyen nan lang franse a alòske m ap ekri yon ribrik an kreyòl, se pa tèt mwen ki pati, non. Avrèdi, sa fè byen lontan depi te gen 18 an; mwen rekonèt, konpare ak majorite zanmi k ap li liyn sa yo, mwen se yon granmoun ki preske fin bwè tout dlo dan li. Men, atansyon! Gen ti gaz toujou nan tank bogota a; gen ti kòd toujou pou n bay kap la si li jwenn bon jan van pou l monte pi wo nan syèl la. Ebyen wi! Si m ekri non lanprè D-E-S-S-A-L-I-N-E-S (franse) e non “D-e-s-a-l-i-n” (Kreyòl), se paske jounalis ki t ap prezante repotaj la te pase anviwon 30 minit ap pwononse “DEU-SA-LINES”. Yon pwononsyasyon konsa, -menm si speaker a inonsan, menm si l kapab reklame “sikonstans atenyant” pou l defann tet li- pa fouti pa atire atansyon yon seri nonm teyat, pwofesè diksyon ak sa yo rele nan enstiti lar dramatik ak lekol jounalism “des professionnels de la parole publique” ke m te kotwaye nan karyè mwen… Se moun yo ki sitèlman egzijan ak lòt moun menm jan yo egzijan ak pwòp tèt yo, si sa te kite m endiferan, lè save sa yo ta kontre avèk mwen nan Pòtoprens, Ayiti, ou nenpòt kote nan dyaspora a, yo t ap mande m:
“Kisa m fè n konsa a, Lyonèl? Ou gen lè tonbe sou tèt? Èske se anba ban w te chita lè w te lekòl?”
Wi! Mwen te pran nòt e menm bon jan nòt. Plizyè fwa, ale-vini, bèl jenn kolèg giyanèz la sou “Televizyon Kayèn” te fè yon fot pwononsyasyon, yon erè fonetik: chak fwa manmzèl te gen pou l di “Dessalines” oubyen ”Desalin”… se “DEU-SA-LIN” pito ki te sòt nan bouch li. (Siman video sou YouTube, nou ka chache l).
Èske demach mwen la a se pou m kritike senpman pou m kritike? Non; mwen twò okipe pou sa. Okontrè, ensidan mwen rapòte la a pase byen lontan; si sete pou yon kritik gratis, zanmi lektè m yo pa t ap jann gen okazyon li sa m ap ekri la a. Èske nou sonje tit ribrik sa a? Li rele KONESANS SE RICHES AK POUVWA e non “ZEN AK TRIPOTAY! Okontrè, m ap voye yon gwo konpliman, yon gwo kout bravo ki sòti nan fon kè m, pou jounalis giyanèz-fransèz sa a ki te vle ede frè ak sè parèy nou yo, pititpitit Lafrik Ginen nan Antiy Fransez yo ak lot kote sou late beni ki pi lwen toujou, dekouvri kokenn chenn mirak Papa Desalin, pè fondatè nasyon ayisyèn nan, te fè, malgre tout sakrifis enposib ki te nesesè, pou l te ban nou endepandans e fè nou tounen premye peyi nwa lib nan tout listwa di mond. Wi. Jounalis Tele Giyàn Fransèz la fè yon bon travay. Mwen te suiv li avèk anpil atansyon ak satisfaksyon, menm jan mwen fèk suiv jodi a menm, jou 17 oktòb 2022 a, swa 216èm anivèsè asasina Lanpèrè Jak Premye, yon manm palman ewopeyen an nan Briksèl, La Beljik, ki t ap rann omaj pou pè fondatè Peyi d Ayiti yo kòm premye lidè nan tout listwa limanite ki te aboli lesklavaj ak diskriminasyon rasyal an 1804, byen lontan anvan dirijan tout l òt nasyon swadizan sivilize te gen vizyon, te gen “flair” ak desans ki te nesesè pou yo te imite Tousen Louveti, Jan-Jak Desalin, Anri Kristòf, Aleksann Petyon, Chaloten Makadye, Bwawon Tonè, Klè Erèz, Sanit Belè, Defile “Lasajès”(?), elatriye, tout jeyan, tout jeni sa yo ki te pèmèt yon gwoup pitit Bondye ki rele Ayisyen viv nan jwisans libète, egalite, ak byenèt jeneralize, menm si malerezman, malgre sakrifis yo te fè, tou sa rete yon rèv n ap redi pou n rapousuiv toujou.
Wi! mwen di bravo ni pou prezantatris pwogram nan, ni pou rès ekip jounalis giyanè ki te travay sou pwodiksyon an pou yo te wete yon gwo tonton papa ewo nasyonal Peyi d Ayiti nan fènwa kote ansyen kolon yo ak patizan yo te kondane Desalin pou l te rete. Savledi mwen panse nou pa ta dwe fokis twòp sou yon ti erè tou piti zwit (pwononsyasyon yon non, menm si se yon gwo non, yon non ki chaje enpòtans pou nou), alòske gen anpil bèl bagay, bagay enpotan anpil, nou ka aprann nan pwogram nan. Si nou pa fè sa, se pou nou li t ap pi mal; nou t ap prefere chwazi fikse 2 nawe nou sou yon grenn pyebwa ki ta anpeche nou wè bèl forè a. E, je vou ji -tankou kouzen Jose David te renmen di- le jou nou gen malè kite m mete pye m nan Giyàn Fransèz, mwen ban nou garanti sa a: Mwen pral rankontre ak jounalis-fanm sa a pou m prezante manmzèl konpliman pèsonèl mwen ak tout po piman, epi pou fini m ap di li:
“Mèsi, chè kòlèg; ou fè kè m kontan anpil. Non! Pa mwen menm sèlman! Ou fè kè anpil konpatriyòt ayisyen mwen kontan. Pou sa, omwens, kite m ba ou yon ti bo, 2 ti bo, 3 ti bo sou….. sou bò figi w.”
Lyonel D. Desmarattes, kreyolis/akademisyen
Lendi 17 oktòb 2022.
Comments