top of page

CREOLORAMA : «Chevalye d’Artagnan, yon 4èm Mousketè» (Chapit 4)

Dernière mise à jour : 6 déc. 2022




NDLD: Redaksyon HPNInfo.com ap kontinye ak «CRĖOLORAMA» ki se yon ribrik an kreyòl k ap fè pwomosyon liv ki ekri nan lang mamman ayisyen yo e k ap ankouraje lektè yo dekouvri ak apresye literati kreyòl la, swa liv original, swa adaptasyon liv ki fè pati literati mondyal la. Pou dimanch sa a, jan nou te anonse sa a, se Katryèm (4èm) chapit liv «Chevalye d’Artagnan, yon 4èm Mousketè», adaptasyon kreyòl “Les Trois Mousquetaires”, woman ekriven franko-ayisyen Alexandre Dumas Père e travay ekriven, jounalis ak kreyolis angaje Lyonel Desmarattes, ki okipe espas la. Pa bliye, ribrik sa a pase sou HPNINFO.com chak dimanch. Ekri nou pou ban nou reyaksyon ou, menm si se pa an kreyòl.


Bòn lekti !


Eddy Trofort

––-------------------------------------------------------------------------------------------------------––-----------


Tradiksyon/Adaptasyon: Lyonel D. Desmarattes

CHAPIT 4

Prѐt la t al fѐ wout li san l pa t fѐ bri; paske nan tѐt li deja, li t ap tande vwa jenn gaskon an ki t ap repete diskou san fen, diskou longѐ kilometrik jennonm nan te fѐk fѐ a e kote l t ap chanje fraz, transfòme manm-de-fraz, mete mo, wete mo, jiskaske diskou a te tounen yon tѐz sou istwa lagѐ ak Legliz, sou istwa lame ak relijyon. Pa ekzanp, nan tѐt monpѐ li t ap koute eko pawòl sa yo ki t ap sòti nan bouch d’Artagnan, yon d’Artagnan imajinѐ.


”Ki fѐ la a, monpѐ, militѐ a menm se yon moun k ap viv pou kont li, nan yon twou pѐdi, nan yon kav, tankou yon makak nan forѐ k ap manje labou sѐlman paske l pa ka jwenn fig bannan? Yon bon sòlda fѐt pou l konn manyen yon kouto tab menm jan li mennen yon epe, yon fizi oubyen yon mouskѐ. Alòs la a, ou panse yon militѐ ka livre yon konba kòmsadwa, ranpòte laviktwa sou lennmi kòmsadwa, jwenn lonѐ ak laglwa kòmsadwa… si vant li vid, fatig fin anvayi ni kò li, ni kѐ l, ni nanm li… figi l tou fennen, je l ap fѐ tѐ pwa, tѐ mayi, kote yon senp ti van alize kapab lage l atѐ fasilman kòm yon flѐ dizѐ? Lyetnan, kapitèn, majò, kolonѐl, jeneral ki sòti Gaskòyn yo pa konpòte yo tankou pѐ ak frѐ relijye (olye de “fanm ak tifiyѐt”, prѐt la te tande nan tѐt li “pѐ ak frѐ relijye”) lѐ yo sou chandbatay. Non! Non! Non! Lѐ y ap konfwonte lennmi, lennmi trrranble nan kalson yo… tѐlman sòlda n yo konnen sa k reke maniman lѐzam. Kouri, wonpi, degaje! Kouri, wonpi, degaje! Kouri, wonpi, degaje! Ou konprann?”


Pawòl sa yo, ki t ap fѐ antre-sòti, monte-desann nan tѐt pѐ a, relijye a pa t swete tande yo sòti dirѐkteman nan bouch d’Artagnan yon 2ѐm fwa; sitou ke nan lespri prѐt la prizonye a t ap pwononse pawòl sa yo pandan li t ap fѐ kѐk jѐs depaman, li t ap fѐ diferan mouvman alòske yon epe imajinѐ te nan men mouche a. Se pou sa prѐt la te pati tou Dousman, san l pa t fѐ bri, jiskaske l te disparѐt tankou yon lonbray nan labrindiswa ki te deja tonbe.


Kesyon yon moun kapab ap poze, se mande ki kalite pawòl sa yo ki te sòti nan bouch d’Artagnan dri-dri konsa a, tankou yon mayi pѐtѐt, tankou bri yon mitrayèt 2 bouch, san misye pa t menm pran yon poz pou l te chache mo li? Paske, an sòm, lѐ w byen gade, misye te jis kite bouch li ouvѐ lib e libè epi nenpòt ki mo t ap sòti ladan l, sòti fasil-fasil ant 2 pobouch ki te glise kou kalalou gonbo. Sou plan retorik, sou plan l’art oratoire, misye te fѐ yon bon e bѐl efѐ sou prѐt la ki te prèske pran lwa, prèske pran lespri kou yon fidel Legliz Latranblѐ, tѐlman li t ap tranble… tranble de la tèt opye kou fèy bwa nan yon vantanpèt. Men, si sa te aji sou moral reveran an, se paske monpѐ te pѐ, li te sou emosyon; li te sou presyon ke transfòmasyon fizik d’Artagnan te pwovoke sou li. Anfѐt, pandan dѐnye pati diskou gaskon an te fѐ a, yon kim blanch t ap sòt nan bouch misye epi 2 je l te vin gwo e tou won tankou yon pyѐs degouden. Sepandan, si tout bon sans pѐ a te sou li; si l te nan yon eta nòmal epi li te pran san l pou l te byen kontwole sa k t ap pase otou l; si l te gade sanfwa l pou l te byen analize fason d’Artagnan t ap pale a epi mezire pawòl misye t ap di yo, monpѐ t ap wѐ sete yon diskou ki te manke koyerans, ki te manke koyezyon pafwa. Ki afѐ de makak k ap manje labou sa a? Ki afѐ de fatig ki anvayi kò, kѐ, ak nanm yon moun sa a?


“Yon sòlda fѐt pou l konn manyen yon kiyѐ-bwa menm jan li manyen yon fizi; menm jan yon powèt manyen yon plim!”

Kisa sa vle di? Ki kalte konparezon, ki tip de metafò, ki espès de alegori sa a, mezanmi? Talѐ konsa, pou misye ta montre li te yon powѐt tou, pou l ta fѐ wѐ li te konn konpoze vѐ rime tou, li te ka deklare –puiske li t ap pale de makak:

“Makak pa menm ak senj; youn manje kòlòwòch,

Lòt la manje brigo – se men dwat ak men gòch.

Non! Makak avek senj pa genyen menm nati;

Youn genyen gwo ògèy; ego lòt la piti.

Men si youn oubyen lòt di l ap ba w yon kout wòch,

Ou mèt konnen l deja gen wòch la nan yon pòch.”


Nou tande? D’artagnan te ka fѐ tout sa l te kapab pou l te jwenn yon rim. “Makak gen wòch nan pòch!” Kote lojik la la a? Hen! Pale m de yon kangouwou ki gen pòch anba vant yo. Menm si pòch la pa gen wòch ladan l, sa ta koresponn avѐk laverite. Paske, espesyalis save yo di w, menm lѐ w ap ekri nan domèn syans fiksyon, ou sipoze montre ou lojik, ou koyeran, konstan, konsistan nan devlopman panse w yo. Ale li Paul Feval (papa ak piti); Alexande Dumas (papa ak pitit), Michel Zevako (li li poukont li); oubyen ankò Osvald Diran, Masiyon Kwakou, Jak Estefèn-Aleksi, Moris A. Liben, Franketyèn, oubyen Gary Viktò, nou va konprann. Sou lis la nou ta ka mete tou Mod Ètelou, Emil Selesten-Meji, Jan-Mari Deni -alyas Jan Mapou- Michel-Anj Ipolit -alyas Kaptenn Koukouwouj- elatriye… Ale li ekriven sa yo, mwen si e sèten nou va konprann yon bagay: konn ekri woman oubyen powem se pa pran plizyè mo epi mete yo youn apre lòt sou papye, jan yon apranti pwèt te di sa a. Pyès nan atis ak plim nou site yo pa p ekri yon woman oubyen konpoze yon powèm kote yo ta ekri, pa egzanp:

“Yon makak gen wòch nan pòch!”


Eske se yon fraz lojik e kòrèk sa ye? Ala traka, papa! Men, se pa t ap yon sipriz pou mwen ni pou pѐsonn si yon nonm tankou Kaptenn Koukouwouj oubyen yonn fanm kouwè kreyolis-fanm Mersedès Guyard, alyas Deïta, ta ekri:

Kaptenn: “Kiyѐ pa kiyѐbwa; yo pa fè menm sèvis. Yon epe pa yon chѐz; ou pa ka chita sou li.”

Deïta: ”Kakaje pa linѐt ni zenglen pa dyaman. Lavi sa a gen sipriz; fò w konn la pou w al la.”

Kaptenn: “Pafwa Legzistans bay kèk bon vye gòl amen. Pinga w kriye viktwa anvan abit soufle.”

Deïta: “Pa janmen di janmen; ka, se kou w pran w konnen. E si kay pa pwòpte, deyò pa ka pwòpte.”

Kaptenn: “Gwo patat pa sote kòd; domaj fè domaje. Mapou tonbe a-tè plat; kabrit manje fèy li.”

Men sa k rele ekri; men ekri zewo fot. 2 mesye-dam yo ponn yon seri de fraz avèk manm-de-fraz kote okenn pwofesè kreyòl pa p jwenn plas pou yo ajoute menm yon vigil, alewè pou yon pwen oubyen yon pwen vigil. Sa fѐ m sonje yon ti pwѐt -rele sa yon ti “pwèt-pwèt”, pou m site Pwofesè Entèl; yon ti piti dѐyѐ manman pwѐt ki t ap pran poz gran ekriven li (Pwofesè Entèl ta rele li tou “ekritafya”. Sete yon ti pwason piti zwit ki te vle pran pòz gwo reken li; yon ti zandolit tou mѐg ki te vle mete karako mabouya; yon ti zwazo sasouflѐ chetif ki te vle vole menm wotѐ ak yon lѐg; yon ti krapo san po, flègèdèp e pye chèch ki te vle gen menm gwòsѐ, menm wotѐ e menm pwa ak yon manman bѐf plenn…. Bon; ann di pito sa fѐ m sonje Jean-Baptiste Poquelin -alyas Moliѐre- yon potorik ekriven fransѐ ki te viv nan 17èm syèk la, yon sanba komik ki fè sa l vle ak plim li; yon bondye nan jan pa l, paske li kreye tout kalte pèsonaj: onorab, dezonorab, onèt, malonnèt, meprizab, visye, visyèz, mantè, mantèz, vòlè, volèz, magouyè, magouyèz, eskamòtè, eskamòtèz, piwetè, piwetèz, trèt, enteresan, enteresant chèch, patekwè, enbesil, analfabèt de bòn volonte, elatriye…; yon sanba komik, yon plimeyank teyat ki te jere lang franse a pi byen pase pèkeseswa –pètèt menm jan ak François-Marie Arouet, di Voltaire, ki te viv yon syèk aprè l. Se pou sa, dayè, Molière pote non papa lang nan. Sepandan, an plis de tou sa, sete an menm tan yon filozòf serye menm jan avèk Jean Racine, Pierre Corneille, Jean de Lafontaine, Nicolas Boileau-Desprėaux, Renė Descartes, Blaise Pascal ak Benedict de Spinosa ki te viv nan menm epòk avèk li. Ebyen, Molière fѐ youn nan pѐsonaj li yo deklare devan yon lòt, yon swadizan ekrivasye, yon pwèt-pwèt, yon ekritafya, jan Pwòf Entèl di l la:

“Mwen ou menm, mwen ta fѐ yon lòt metye; oubyen mwen ta retounen lekòl ankò! Se vre wi; paske, dapre mwen menm, powѐm ou an bon pou w ta mete li nan water-closet.”

·----------------------------------------------------------------------------------------------------------------

<<(Moliѐre di nan Le Misanthrope:

“… Franchement, Il est bon à mettre au cabinet.”).>>

Se menm bagay la ki te rive yon zanmi Wolfgang Amadeus Mozart, gran mizisyen klasik otrichyen 18èm syèk la ke yon zanmi t al deranje yon jou ak yon kesyon “ce n’est rien”, yon kesyon banal, banal, banal. Zanmi an te ale kay vityoz prekòs la pou l te sibi youn nan pi gwo desepsyon nan tout vi li apre l te di Mozart:

“Monchè, ou konnen nou se zanmi; mwen pa gen anyen pou m kache w. Men yon senfoni ak yon bon jan melodi, ak yon bon kalte amoni mwen fèk fin ekri. Alòs, mwen ta renmen ou di m sa w panse de li.”

Lè jeni mizikal la te fin jete yon koudèy sou patisyon an, misye te deklare kareman nan figi lòt la:

“Ou konn sa k pase? Si m te nan plas ou, mwen ta rentounen nan konsèvatwa mizik la wi. Gen anpil bagay ou ta dwe aprann toujou sou melodi ak amoni.

-Kisa? Ale nan lekòl mizik ankò? Mwen menm, wi? E ou menm? Ou pa t ekri yon senfoni a 8 tan epi ou te ranpòte yon gran pri avèk li 10 zan pi ta, a 18 tan? Epi, a laj mwen genyen an, ou jwenn mwayen di m pou m retounen nan konsèvatwa mizik la?

-Ja, mein freund! Se sa menm, wi. Mwen di ou ta dwe retounen lekòl; paske ou poko pare pou w ekri yon senfoni ki merite rele senfoni. Se pa konsèy ou mande m? Ebyen! Mwen ba w konsèy. Kantapou mwen menm, lè m te fin ekri pyès mizikal mwen an a laj 8 tan, mwen pa t al mande pèsonn moun si l te bon oubyen si l pa t bon; paske mwen te deja si e sèten sete yon chedèv. Auf wiedersehen (orevwa).”


Mezanmi lektè, tout panse ak tout refleksyon sa yo jèmen nan lespri mwen paske lide m di m Ti Charles Batz de Castelmore, alyas Chevalye d’Artagnan -ki te fèt pou manyen epe, men epe sèlman- te panse li te ka ekri powèm an vè ak rim.


(Ann suiv).

36 vues0 commentaire

Komentarai


ONA.jpg
brh_ad.jpg
votre_publicite.jpg
kredi-ener.jpg
hpn_full_logo.png
bottom of page