top of page

CREOLORAMA : Chevalye d’Artagnan, yon 4èm Mousketè

Dernière mise à jour : 8 nov. 2022



Avec ce titre “Crėolorama” nous anonçons la publication d’une nouvelle rubrique de textes ėcrits exclusivement en crėole haïtien. Nous le lançons volontiers avec la sortie d’un premier extrait de : Chevalye d’Artagnan, yon 4èm Mousketè.


Cette publication est une adaptation de ''Les Trois Mousquetaires'' de l’écrivain franco-haïtien Alexandre Dumas, Père, roman qui a été adapté sous plusieurs formats (y compris dessins animés) et traduit en plusieurs langues parlées dans le monde. Lyonel D. Desmarattes, un créoliste engagė et journaliste de carrière retraitė depuis le 4 octobre dernier, a pris l’initiative de l’adapter dans notre créole sous le titre : Chevalye d’Artagnan, yon 4em Mousketè.


Nous annonçons donc à nos lecteurs que HPNINFO publiera des extraits de cette œuvre de 300 pages chaque dimanche dans le but d’encourager la production en créole mais encore pour aider nos jeunes lecteurs à découvrir cette langue magnifique qu’est le créole haïtien.


Il sied bien ici de signaler que l’auteur a réalisé plusieurs autres travaux d’adaptation d’œuvres littéraires, notamment The Prophet, livre philosophique, doctrinal et dogmatique de l’auteur américano-libanais Khalid Gibran.


Sa collection baptisėe à juste titre “Keyolad” comporte entre autres:


«Le Tartuffe »ki bay an kreyòl Mouche Defas;

« l’École des Femmes » ki tounen an kreyòl Lekòl Medam yo, « Le Misanthrope », an kreyòl Zanmi Pèsonn, « Les Femmes Savantes » an kreyòl Fanm Filozòf; « Athalie» ki bay Pep Bondye a an kreyòl; « Robinson Crusoé » ki tounen Woben Lakwa;

“Tim Tim Bwa Chèch - Kont Pa m - Istwa Pa m” ki, dapre pwofesè Pierre-Roland Bain, plante yon lòt flè choublak nan mitan jaden literati lang kreyòl la.


Bonne lecture à tous!


Eddy Trofort

Rédacteur en chef.


CHEVALYE D’ARTAGNAN YON 4èm MOUSKETÈ



Woman Alexandre Dumas Pѐre

Dapre yon adaptasyon Pwofesè Michel Duino

Tradiksyon/Adaptasyon an Kreyòl Ayisyen: Lyonel D. Desmarattes


ENTWODIKSYON


“Tonnѐ frenk boule bwa! Tonnѐ frenk boule bwa!”

Tankou Pѐ Filip Savann ta di. Jenn chevalye ki te pale konsa a, abiye tou de nwa sou yon chwal blan, te kontinye repete:


“Tonnѐ frenk boule bwa! Tonnѐ frenk boule bwa!”


Tout kò l, long kou yon kreyon, te detire sou etriye cheval la; figi l mare kou on tѐt gridap epi, menm si se pa t ni bon moman an, ni bon kote a pou l te pale fò konsa, li te repete yon 3ѐm fwa:


“Tonnѐ frenk boule bwa!”


Ebyen, non. Se pa t ni yon moman ni yon kote pou l te atire atansyon sou li konsa; paske misye te twouve l nan yon vilaj li t ap vizite pou la premyѐ fwa. Donk, li te fasil pou moun nan zòn nan te rekonѐt li rapidman pou yon enkoni; epi, nan moman solѐy la te fѐk ap leve -yon moman kote machann te fѐk ap rive nan ti mache lokal li t ap travѐse a- ou pa oblije fache si yon jenn gason nan zòn nan ap ri w, si li lonje dwѐt sou chwal ou paske bѐt la plis sanble ak yon ti bourik rabi, mal bati, tѐlman li te an movѐz eta.

“Se pou loray kraze tout ennmi m yo, piti kou gran! Se pou yon tranblemann tѐ antere tout advѐse m yo, ansyen, prezan kou sa k ap vini yo! Se pou Agweta Woyo pase mil ane anba dlo ak tout ennmi k ap ranse avѐ m yo!”


Chevalye a te fѐk komѐt yon erѐ... ou pito 2 erѐ. Menm si l te fache pou l mouri, li pa t bezwen pale fò konsa pou tout moun te tande, sitou si l te fѐk ap jou e te gen moun ki te nan kabann yo toujou. Gwo vwa anwe l la te leve anpil nan yo. 2ѐm erѐ a, sѐ ke pandan li t ap lanse tout sѐman sa yo, tout pawòl piman bouk sa yo; pandan li t ap distribiye jouman adwat, agoch konsa, 2 je wouj li yo te fikse dwat sou jenn nonm ki t ap ri l la, poutѐt jan ni li menm, ni chwal li a te mal prezante.

Alòske chevalye a te deja anpwazonnen atmosfѐ a byen anpwazonnen, li pa t wѐ ni 2 ni 3 bagay pou l te fѐ, sete mete pyetatѐ. Wi, misye te desann bѐt la. Sete yon 3e ere la menm, puiske mesye nan katye a ki tap gade l a yo sispek, paske yo pat konnen ki misyon ki te Mennen l nan zon nan, yo te ka konsidere sa kom yon pwovokasyon; epi konsa li te pѐdi yon avantaj li te ka genyen sou tout advѐse. Ansuit, pou mete abse sou klou, li pa t jwenn anyen dòt pou l te fѐ, li te ouve bouch li byen fo pou l te deklare:


“Si gen yon moun ki konprann li ka lonje dwѐt jouda I sou cheval Chal De Batz de Castelmore, Onorab Chevalye d’Artagnan, pou manke l dega, pou ba li traka, fe l pase yon move moman, si moun sa a ap viv, li mѐt konnen li pa p viv lontan ankò.”


Puiske pѐsonn moun nan Saint Dye –ni boujwa ki te la, ni sitwayen mwayen ki t ap devizaje enkoni an, ni moun pòv ki t ap fѐ legadѐ- puiske pyѐs moun nan ti vil la pa t konnen non moun chevalye a te site a (menm si sete yon non ki te sonnen fò), pyѐs moun pa t okipe misye. Kit li te rele Castelmore, Castelmare, Castelmire, sa pa t enterese pѐsonn. Menm si l te klѐ se ak jenn gason an enkoni an t ap pale, jenn nonm nan te annik souke tѐt li pandan li te kontinye ap twaze chwal la ak tout mѐt li ak yon rega chaje degou. Sanzatann, nouvo vini an te bondi, li te vole al plante 2 pye l nan mitan lari a.


Se konsa jounen 3 mas 1640 te kòmanse nan antre lwѐs vil Saint-Dye, pi presizeman nan mitan pwovens Gascogne, pi bѐl pwovens nan pi bѐl pami peyi laten yo: Peyi Lafrans. Sete yon jounen kote lapli t ap tonbe tandiske yon van frѐt t ap soufle. An plis de sa, sete yon jounen ki ta pral pran yon enpòtans eksepsyonѐl nan lavi jenn Chevalye d’Artagnan… paske misye te tonbe nan yon veritab pѐlen tѐt.


A suivre...

104 vues0 commentaire

Comments


ONA.jpg
brh_ad.jpg
votre_publicite.jpg
kredi-ener.jpg
hpn_full_logo.png
bottom of page