NDLD: Redaksyon HPNInfo.com ap kontinye ak «CRĖOLORAMA» ki se yon ribrik an kreyòl k ap fè pwomosyon liv ki ekri nan lang mamman ayisyen yo e k ap ankouraje lektè yo dekouvri ak apresye literati kreyòl la, swa liv original, swa adaptasyon liv ki fè pati literati mondyal la. Pou dimanch sa a, se twazyèm chapit liv « Chevalye d’Artagnan, yon 4èm Mousketè », adaptasyon kreyòl “Les Trois Mousquetaires”, woman ekriven franko-ayisyen Alexandre Dumas Père e travay ekriven, jounalis ak kreyolis angaje Lyonel Desmarattes, ki okipe espas la. Pa bliye, ribrik sa a pase sou HPNINFO.com chak dimanch. Ekri nou pou ban nou reyaksyon ou, menm si se pa an kreyòl.
Bòn lekti !
Redaksyon
Tradiksyon/Adaptation : Lyonel D. Desmarattes
CHAPIT 3
Prizon Saint-Djė a te tankou tout lòt prizon nan wayòm Lafrans la: pa t gen anyen ladan l pou fѐ yon prizonye santi l alѐz; antou ka, anyen ki pou te fѐ d’Artagnan anvi rete pase menm yon ka dѐ ladan l.
Yo te lage jenn Gaskon an nan yon depo ki te ranpli ak pay pouri kote rat t ap fѐ lago kache an pѐmanans. Misye te san epe; tout rad li te dechire pandan tout kò l t ap fѐ l mal. San di pѐtѐt, yo te vòlѐ tout sa l te gen sou li: lajan li ak valiz ki te gen rad li yo ladan. Sanble menm chwal li te achte ak 20 pyѐs lajan pou l te fѐ wout la, te gen valѐ nan je vakabon ki te asiste konfwontasyon l avѐk jennnonm nan: yo te fѐ yon jan avѐk bѐt la tou e d’Artagnan pa t genyen pou l te janm wѐ l ankò.
Pou nuit li te pase anvan l t al avantire l bò mache a, yon nat, yon atѐ miyò, ta pi bon anpil pase 2 moso planch Dam Eloyiz te ba li pou l te dòmi an. Ebyen, pou premye sware li ta pral pase nan prizon an, moso planch madanm nan te reprezante yon matla Simons, dimansyon Queen oubyen King, konpare ak kote jolye yo te ba l pou l te kouche a. Li te rete l mande:
“Ki kote m ap ye demen?”
Li te prese reponn tѐt li:
"Siman, m ap yon kote ki pi bon pase isit la kanmenm, kanmenm; paske kout bwa pou kout bwa, kout baton Legba ka lage m sou legraba, mwen pa kwѐ m ka tonbe pi ba. Sinon m ap mande pou Jezi-Kri retounen tousuit. Comment voulez-vous? Se pa mwen k gen pi move chans sou latѐ pase pèsonn. Hey! Sa l ta ye la menm? Pwovèb la pa di: “Menm nan lanfè gen moun pa”? Fòk mwen jwenn yon moun di yon mo pou mwen. A wi! Se pou yon kretyen vivan ki gen bon volonte ak klemans e ki renmen aji ak jistis, leve ti dwèt li pou pèmèt mwen sòti la a rapido presto e vito Toto!"
Men, misye t ap bay tѐt li manti san l pa t konnen. 8 jou pi ta d’Artagnan te toujou nan prizon Saint-Dyė a… nan kacho frѐt la. Anfèt, sezon otòn nan ta pral retounen; pyebwa yo ta pral rechaje ak fѐy ankò; peyizaj la ta pral repran koulè vèt oliv li ankò anvan pou misye te kapab respire yon lѐ ki te pi pwòp; pou plis presizyon, li ta pral pase 2 mwa edmi byen konte nan prizon an. Pandan 10 semenn sa yo divѐs kalte panse te pase nan tèt li; plizyè santiman depaman te fè antre-sòti nan kѐ l. Dabò li te fѐ tout sa l te kapab pou l te konnen non nèg ki te fѐ mete l nan prizon an ak kote misye te abite; nonm sa a te deja tounen yon ennmi jire pou li.
“Tonnѐ frenk boule bwa! Lѐ m sòti isit la, m ap fout vanje m! M mande Bondye m senkant! Sòti m sòti nan prizon sa a, se vanjans l ap ye, tonton!”
Pandan jenn Gaskon an t ap pale konsa a, li t ap ranmase yon bann pay ak divès fatra ki te atѐ a pou l te voye frape sou pòt prizon an. Li te pase yon bon ti tan ap fè travay sa a san rete pou l te ka bese yon kòlè ki t ap toufe l pou tansyon pa t touye l; an tou ka kòlè sa a te preske fin pran kontwòl tout misye a 100 pou 100: kò li, lespri li avèk nanm li, yo tout ansanm te preske tonbe anba kontwòl yon santiman avèg ki te prèske egal ak yon foli, paske se apèn si misye te kapab domine emosyon l yo. A la fen dè fen d’Artagnan, ki te apiye sou yon kwen mi, fatige e preske sikonbe anba epuizman, te kite kò l glise desann sou makadanm nan kote dòmi te pran l pou jous demen maten.
Tankou nou di sa a, jou te ale; jou te vini; d’Artagnan te toujou nan kacho a. Finalman misye te kòmanse reflechi; san cho l la te kòmanse vin frѐt. Eske li te egzajere lѐ l te di li gen rezon pou l chache vanjans la? Eske li te fache twò vit? San di pѐtѐt, movѐz nuit li te pase kay Dam Eloyiz la te kont pou fѐ l vin akaryat e menm siseptib. Si l te pi byen dòmi, oubyen si l te manje pi byen, li te gen dwa pa menm remake rega meprizan jennonm ki te pase l nan betiz la –ou pito ki te pase ni li menm ni chwal li a nan rizib la. Apre tout tan sa a, olye pou l te rete ap reflechi nan kacho yon prizon, li t ap deja rive Pari.
"Se yon enbesil mwen ye! Wi! Se yon enbesil, yon bѐgwѐ, yon entѐtѐ, yon tѐt-nan-sak d’Artagnan ye, mwen di. Li se yon enbesil ki pa konn kijan pou l konpòte l nan sosyete! Podyab mwen! Pwovѐb la gen rezon: “Mennen koulѐv lekòl se youn; fѐ l chita se de!”
Avredi, d’Artagnan te pran nesans nan yon ti bouk kote l te pase preske tout vi l anvan l te pran desizyon antre nan kapital la. Yon ti bouk ki pa t menm gen ni lopital ni sѐvis ponpye; yon ti bouk kote tout abitan yo te pòv: moun anwo bouk; moun anba bouk, moun bò legliz oubyen moun bò laplas, yo tout te menm moun, pa t gen diferans. Tout moun te byen konnen sa e tout moun te konnen tout moun. Sepandan, si d’Artagnan te byen kapab yon enbesil, jan l te di sa a, sete yon nonm donѐ e moun li te ye a te oblije l plase lonѐ anvan tout lòt bagay.
"O.K! Mwen konpòte m kòm yon enbesil, kòm yon moun fou, se vre; men, mwen pa konpòte m kòm yon lach. A non! Kanta pou sa, se sa! Pa t genyen, pa genyen e pa p janm genyen lach nan fanmi Chal de Batz Delcastore, Chevalye d’Artagnan! Se apre nou va fin mouri sѐlman pou n ta fѐ lach! Lè m di “mouri” a, se mouri e antere wi!” Ha! Fò w konn la pou w al la!"
Menm si misye te nan prizon, kote l t ap sibi move tretman (tankou mal dòmi avѐk pa byen manje); menm si l te san 5 kòb, san zam, san rad pwòp, san menm lѐt rekòmandasyon ki te pѐdi a; ebyen, menm si l te manke tou sa, anyen o-mond pa t kapab fѐ l twoke plas li a pou plas jennnonm ki te fè mete l nan prizon an e ki te yon vye lach nan je l, menm si misye te lib, menm si li t ap vake san pwoblѐm ak okipasyon malonѐt li yo. D’Artagnan te reflechi anvan l te di:
“Dapre prensip lamoral avѐk respѐ pou tѐt nou, misye se yon nonm san pidè e san zonѐ. Alòs, mwen pa regrѐt anyen.”
Apre 2 zou 3 jou, kire legliz katolik Saint-Dyė a te vin wѐ d’Artagnan. Lѐ pѐ a te fin mande misye ki bezwen –materyèl kou espirityèl- li te genyen, prèt la te preche li “la pondėration”, swa nesesite pou l te mezire aksyon li ak pawòl li apre d’Artagnan te fѐ yon konfesyon kote l te rekonѐt kòmkwa kѐk nan mo ki te sòt nan bouch li yo te depase panse l; kèk nan aksyon li te poze yo te chape anba kontwòl li; sѐtadi li te pale oubyen li te aji pafwa san l pa t reflechi. Reveran an te ba l konsѐy pou l te mete dlo nan diven l.
Anvan nou repwodui pi ba konvèsasyon ki te kòmanse avèk remak sèvitè Bondye a te fèk fè a, fòk nou di lè monpè te fin prezante l epi presize pou ki rezon li t ap vizite prizon an, d’Artagnan te pwononse pi bèl fraz li te ka fè pou l te di kijan li te apresye deplasman an apre l te fin di kire a byenveni epi envite l mete l alèz nan kacho a. Sa k komik nan koze a, sè ke jennonm nan te di vizitè a li te mèt “mete l alèz” e li te ka chita kote l te vle pou sa… Chita kote l te vle! Kòm si pè a te gen posiblite pou l te chwazi, alòske se yon sèl chèz pay plen pousye, a mwatye depaye, ki te nan selil la an plis yon kabann yon grenn plas kote prizonye a te chita pou l te tande reveran an. Mo “pondėration” prèt la te pwononse a sèlman, sitou ekspresyon “mete dlo nan diven” li te itilize pou l te presize siyifikasyon mesaj li a, te fè prizonye a prevwa anvwaye Gran Mèt la ta pral genyen kèk ti pwoblèm, kèk gwo figilte menm pou l akonpli misyon l nan; paske, dapre d’Artagnan, si sete nan direksyon sa a monpè te vle ale, pa t genyen pi bon mwayen pase sa pou l te fin pa monte sou resif. A la fen dè fen, Serafen pye fen, jenn Gaskon an te reponn:
“A! Monpѐ, se moun pwovens Gaskòyn nou ye. Nou gen san cho. Si se pa t sa, ѐske nou t ap pi bon kalte sòlda ki genyen nan tout lame fransѐz la? Hen? Enfantri, kavalri, lamarin, gad nasyonal, kò leyopa, milis sivil nasyonal, milis rejyonal, kò mousketѐ, elatriye? Ou tande pale de Nòman, de Breton, de Pika, de Loren? Ou tande pale de konbatan tout lòt rejyon ki genyen nan bèl wayòm Lafrans la? Betiz! Depi l saji de chandbatay, de tout kalte konba, sitou de batay ak epe –kouri, wonpi, degaje! (sa yo rele nan syans estratejik, nan teknik ak taktik operasyon militè “corpus ad corporibus combatum”, egal “konba kò-a-kò”), se Gaskon e Gaskon sѐlman ki mѐt kesyon an. Se bon pòl mwen di w la, wi, monpѐ; kwѐ m si w vle, se bon pòl... Ou ka pa konn sa, paske sa pa ekri nan Labib! M pa konn si w dakò avè m?
San prèt la pa t bay d’Artagnan yon repons dirèk, li te deklare:
- Men, yon bon sòlda dwe kapab modere aksyon li, pitit mwen; li dwe gen ase metriz sou tѐt li pou l pa poze yon aksyon ki… ki… ki… tèlman depase limit e ki si regretab, li pa ka dòmi apre sa tèlman konsyans li ap tizonnen li. Di m byen: se pa anpòte ou te anpòte w, mon fi?
- Anpòte m…? He! Wi, monpѐ; mwen te fin pa anpòte m. Mwen di “fin pa”, puiske sa te pran m anpil tan pou m te aksepte pèdi cool mwen, pou m te pèdi sanfwa m, paske malandren an te pwovoke m. Finalman mwen te twouve misye te ale twò lwen.
-Ebyen, aprann domine tѐt ou, pitit mwen. Mete dlo nan diven w!
-Mete dlo nan diven m! Monpè, se 20 tan m genyen, wi. Ou pa kwѐ l twò ta pou m chanje? Epi sa w di la a se pawòl pou w pale ak yon ti bebe, ou tout omwens ak ti anfannkè k ap monte sou lotèl al pote losti ak diven ba w bwè, ba w manje. Si m prese mete kontwòl sou tѐt mwen a 20 tan; si m kouri mete diven nan dlo mwen (A! si m prese mete dlo nan diven mwen), m ap tounen yon ti granmoun entѐtѐ a 30 tan, yon mwàn kopis a 40 tan e, a 50 tan deja, m ap pòtre yon filozòf lontan, yon filozòf tѐt zo ak ti linѐt, yon vye granmoun k ap tann lanmò epi, wè pa wè, antѐman m a 4 trѐ tapan. Mwen pa kwѐ se sa w swete pou zanmi w, Rev. Siman se konsѐy yo ba ou oubyen se voye yo vye w… Bon, di m byen: èske w te pase yon lòt kote, yon kote w pa t dwe pase, anvan w te rive la a?”
D’Artagnan te pran yon poz pou l t al jete yon koudèy nan koulwa prizon an epi gade pou l te wè si pèsonn pa t ap kache pou tande konvesasyon li ak prèt la. Kòm yon nèg veyatif e malen, ensten l te fè l panse li te nan yon penitansye kote te gen espyon tankou nan tout bwat ki te anba kontwòl otorite leta. Tounen l te tounen, li te kontinye reponn kesyon monpè a.
“Ou konn yon bagay, Rèv? Anvan w vin rankontre ak yon chevalye ki eklere, ki edike, ki sofistike e ki respekte tèt li kou wè Chevalye Chal de Batz, di d’Artagnan de Caltelmore, se pou w fimen depi nan aswè, wi –tankou Fouco ta di! Ebyen, wi! Se pou w fimen depi nan lavèy… w anprann…? pou w pa pale devan m pawòl ki sonnen menm jan ak pawòl ou sòt pale la yo. A wi, Rev! Mwen menm… mwen menm ou wè la a… lè moun ap pale ak mwen, yo ranje bouch yo yon jan, yon mannyè pou tout pawòl pa sòti; paske yo konn pou yo anbreye dy... (Opps! Eskize m)… yo pran prekosyon pou yo mete motè bouch yo sou yon vitès ki rele “Ralanti! Al Dousman!” A wi! Paske mwen se yon sòlda ki wè lanmò, lanmò pa fè l fè bak; ki kontre bab pou bab ak Legba, Legba fè wout pou ba l pase; ki endispoze nan fon lanmè, Agwe Tawoyo resisite l pou reba l lavi. Wi, Agwe; Agwe mèt lanmè ki kontwole gwo dlo nan flèv kannal loseyan ble remete l sou chimen legzistans pou l kontinye yon misyon ki poko prèt pou pretann pran fen. Men ki ras sòlda ki devan w la, monpè; e kòm yon sòlda konsa, mwen vle byen viv e viv byen anvan m mouri. ”
D’Artagnan te kòmanse eksite. Pѐ a te deja wѐ tout prèch, tout predikasyon li t ap mete devan jenonm nan, sete pѐn pѐdi, sete kout manchèt nan dlo; e li te mѐt mete yon fen nan misyon l nan, paske sete yon misyon enposib. Dayѐ, dapre konsta li te deja fin fѐ, ta sanble san ki t ap koule nan venn prizonye a t ap pran dife, li t ap bouyi kou yon dlo nan yon mamit sou dife.
"Omwens, pitit mwen, pwomѐt mwen ou pa p fѐ anyen kont mesye ki te fѐ arete w la, ki te fѐ yo mete w isit la, nan kacho sa a. Dapre enfòmasyon mwen, se yon gwo zotobre, wi; li puisan anpil. Pwomѐt mwen sa.
-Pwomѐt ou kisa, monpѐ?
-Pwomѐt mwen ou pa p chache pran revanj; ou pa pral chache lòt nѐg la kont.
-Touche la, monpѐ; touche lestomak mwen pou w wѐ: mwen pa gen rankin nan kѐ w pou misye. Ti santi pise sa a pa enterese m ankò. Mwen deja antere ti pisannit la nan le pase memwa m. Sa vle di, pami bagay mwen gen nan tѐt mwen kounye a, misye pa ladan yo; mwen pa fè l lonè ekri non l pami yo. Ou mѐt kwѐ m, si w vle; ou te mèt antre anndan kòtòf memwa m epi ou rele non misye 2 fwa,10 fwa, 20 fwa, mil fwa, Rèv; y ap reponn ou: “absan”; paske, misye deja mouri pou mwen; li deja mò, mò e antere."
Prѐt la te oblije souri; paske, menm lѐ jenn Gaskon an t ap pale avèk yon sanblan jenewosite, li te fasil pou w te wѐ sete yon veritab “va-t-en-guerre”, yon sòlda deside, yon konbatan entrepid, yon kòk kalite e benndezwèl a la fwa, yon “batayѐ” solid-solid ki pa t manje anyen frѐt, menm si pawòl nan bouch li sèlman pa t ase pou yo te ede yon moun konnen si, anmenm tan tou, li te anfòm sou kesyon estratejik yo. Lѐ l pa t sou san li –ou pito lѐ l te kanpe sou bit goumen li, sou bit akwochay li- Vyѐy Timenn mwen! yon nonm sete ranje kò w; paske mwenn ti akasan, li te pare pou l te mete siwo. An gad!
Lѐ prѐt la te mande d Artagnan adrѐs li –paske lè a te prèske rive pou pè a t al fè wout li- misye te bay relijye a sѐl adrѐs li te konnen nan zòn nan: adrѐs Madam Eloyiz de Bracieux ki te jwenn byen dwòl ensidan ki te rive ti fanmi l nan e ki te lakòz yo fѐmen li nan prizon. Aprè matant la te pase youn oubyen 2 semenn san l pa t jwenn okenn repons pou priyè li te fè pou d’Artagnan te jwenn liberasyon li, manmzèl te fin pa pran pitye pou misye… si byen ke finalman li te voye yon sèvis plen diri, poul ak bannann, plis yon tèmòs plen ji sitwon oubyen zoranj prѐske chak jou pou jenn neve a menm si, natirѐlman, manje a pa t byen prepare oubyen li te gen move gou pafwa (pa egzanp, vyann nan te toujou santi di); men, pou d’Artagnan ki te pase plizyè jou ap manje manje prizon -kidonk manje tyaw- sete sapoti nan bouch blan. Madan Eloyiz te voye tou 2 zou 3 rad byen lave nan yon sachѐ kote li te glise kѐ biyѐ lajan ki te fѐ 20 eki an tou. Ala yon bѐl jѐs, sa! Sitou lѐ nou byen konnen afѐ matant la pa t pi bon pase sa.
D’Artagnan te kontinye pale ak pѐ a :
“Ala yon bѐl jѐs! M pa p bliye sa l fѐ pou mwen an non, Rѐv; mwen pa p janm bliye sa. An tou ka, si m gen pou m bliye, se move manje, se dlo bouyon li te ban m bwѐ kòm manje a, menm jan m ap bliye li te fѐ m pase yon nuit sou 2 moso planch kote pinѐz, ravѐt, sourit, rat (rat do kale wi, monpè!); arenyen, grab arenyen, krab mil pat, eskòpyon, annipye, ata ti koulѐv vѐt, lè m di w sa a, tout kalite ti bѐt te anpeche m dòmi. Wi; mwen vle bliye tou sa akoz bèl jès li fè avè m pandan m nan prizon an. Wi; sѐl sa m vle sonje, se bѐl jѐs li a. Epi, dayѐ, nan fanmi an se pa nou tout ki siyen d’Artagnan; se pa nou tout ki merite 10 sou 10 pou tout sa nou fè. Ha! Ha! Ha!
-Li pa mande w peye l pou jѐs li fѐ a.
-Kenpòt, Reveran! Kenpòt! Mwen menm, m ap ranbouse l pou sa kanmenm kanmenm. Yon fwa m va gen posiblite a, m ap peye manmzѐl 2, 3, 4 fwa lavalѐ. Ou te mѐt make bwa. Avѐk nou, les d’Artagnan, si choz di, se pou choz fѐt. Se pa sa Labid di?”
San d’Artagnan pa t ret tann repons monpѐ e san l pa t leve vwa l pou pѐ a te tande non plis, li te deklare nan kѐ l:
“Daprѐ mwen, se sѐl madanm marye oubyen mennaj yon nѐg ki pou rann ou yon sѐvis konsa epi pou w pa konnen ou gen yon devwa anvѐ moun sa a. An sòm, nan ka pa m nan presizeman, an plis de rad ak manje, dam nan voye lajan ban mwen. Lajan wi, monpѐ! Hey! Se t ap yon dezonѐ pou mwen si m pa ta ranbouse l; ou konprann? Avѐ m gen bagay yon nonm fѐ, gen bagay yon nonm pa fѐ. Non, Non, Non. Avec nous ça n’ se fait pas… Comment voulez-vous? Wi! M ap repete: ranbouse Madam Eloyiz se yon bagay pou m fѐ kanmenm kanmenm! Kil ple, kil tòn, mwen gen pou m fè kè manmzèl kontan.”
Fini d’Artagnan te fin di sa, li te leve vwa l byen wo pou monpѐ te tande sa l ta pral ajoute a:
“Wi, Reveran; m ap ranbouse Matant Eloyiz. M ap peye l pou sa l fѐ pou mwen an… O wi! Tonnè krra…. Ooops! Eskize m, Monpѐ! Mwen bliye si m te pwomѐt ou pou m pa prese anpòte m ankò. Eskize m… Men, je vou ji, mwen pa kache di w sa, se pral yon veritab aprantisaj, wi; yon vrѐ travay reyedikasyon, pou m pa di w yon travay reyabilitasyon, yon gwo jѐfò dezentoksikasyon avѐk tѐt mwen, sou tѐt mwen e pou tѐt mwen wi, pou m divòse ak yon langaj mwen te aprann pratike depi m te kòmanse frekante yon dojo eskrim. Hen hen! Paske, voyez-vous? San cho Gaskon yo nan kò mwen, nan venn mwen, nan kѐ mwen toujou; se detanzantan li vle bouyi depase limit tèritwa venn mwen. Men, m pwomѐt pou m fѐ tout efò pou m ba w satisfaksyon, Reveran, menm jan m pwomѐt ou sou lonѐ m ak sou epe mwen poko menm genyen an, mwen gen pou m remѐt Madam Eloyiz sa l fѐ pou mwen an avѐk gwo degi ankò. Se vre, wi, Rev; se bon pòl mwen ba w la a. Okontrѐ menm, m ap voye lakay li yon jenn domestik pou netwaye tout kwen kay la pou kwape move sant; yon domestik k ap montre l kijan pou l chofe kay la; k ap anpeche dlo koule al mouye planche kote m te kouche a e kote pinѐz te manke fini avѐk po, avѐk po… ak po kò m (m manke di yon betiz la ankò, wi. Ou wè… ou wè m ap fè efò?). Dayѐ, se yon domestik k ap konnen kijan moun prepare yon bon jan manje; konsa, si jamѐ m ta retounen lòt bò a, m a manje vant deboutonnen e m a pase yon bòn nuit. Ou pa dakò, monpѐ?
-Men, jan w pale a, sanble w renmen yon vi kal, yon egzistans pèsib, ki san pwoblѐm? Yon vi dous kote ou ta jwenn tout bagay ou bezwen? Ou kwѐ w ka fѐ yon bon militѐ?
-Kisa w ap di konsa, Monpѐ? Ki fѐ la a, militѐ a, li menm, se yon moun k ap viv pou kont li, nan yon twou pѐdi, nan yon kav, tankou yon zonbi egare? Yon bon sòlda fѐt pou l konn manyen yon kouto tab menm jan l manyen yon fizi, menm jan l manyen yon mitrayѐt oubyen yon mitrayèz; menm jan l manyen yon mouskѐ; menm jan li menyen yon epe, ou konprann? Alòs la a, ou panse yon militѐ Katye Jeneral, Kazѐn Desalin, oubyen Kafeterya, ka livre yon konba kòmsadwa…? Ou kwѐ li ka kouri, wonpi, degaje kòmilfo…? Oubyen li ka ranpòte laviktwa sou lennmi kòm yon bon estratѐj … si vant li vid, grangou ap toupizi li epi fatig ap kokobe l? Kapitenn, majò, kolonѐl, jeneral ki sòti Gaskoyn yo pa konpòte yo tankou fanm ak ti fiyѐt lѐ yo sou chandbatay. Non, non, non. Lѐ y ap konfwonte lennmi, yo fѐ lennmi trrrranble nan kanson yo tѐlman sòlda nou yo konn sa k rele maniman lѐzam. Kanta sa, mwen klè sou sa. Sepandan, monpѐ, fò m di w sa tou: sa pa anpeche yo konn apresye yon bon pla griyo ak bannann peze, yon bon kleren tranpe, yon bon sosis ak pikliz, menm jan yo konn apresye yon bon anizѐt, yon bon diven, yon bon chanpayn, yon bon agua ardiente. O, Non! Sa pa anpeche yo renmen pran yon ti plezi detanzantan. Se konsa sa ye pou nou, monpѐ, e se konta sa ap toujou ye! Ou konprann?”
Eske sete jwe d’Artagnan t ap jwe? Pѐ a -ki pa t atann li ak tout diskou sa a, ak diskou manch long sa a ni ak tout demonstrasyon sa yo- te ret sezi.
Men, non! D’Artagnan pa t ap jwe ditou. Okontrѐ, li pa t nan griyen dan; se raman misye te nan plezantri. Li te pale ak anpil konviksyon e nan okazyon an anyen pa t parѐt pi serye nan prizon an pase figi misye ki te rejwenn enpѐtinans li, sitou avѐk moustach pwenti l la ki t ap monte-desann san rete sou pobouch siperyè li pandan tout tan li t ap pale a. Non! Anyen pa t pi serye pase figi d’Artagnan… eksepte petèt vizaj prѐt la ki t ap mande ki lѐ pou l te kite prizon an, pou l te retounen nan Legliz Saint-Dyė a.
Apre yon long silans kote kire a te fikse je l sou prizonye a ki te fèmen 2 je pa l yo epi pran poz li t ap dòmi, san monpѐ pa t oze poze okenn lòt kesyon pou l pa t reveye d’Artagnan, li te pase men pran soutàn li a ki te kwoke nan yon klou sou mi frѐt la –paske, diskisyon chofe li te genyen ak prizonye a te fѐ l santi l cho anpil; epi, san l pa t di orevwa, li te fofile kò l nan eskalye a, li t al fѐ wout li.
Ann suiv......
Comments