top of page

CRĖOLORAMA : Chevalye d’Artagnan, yon 4èm Mousketè (Chapit I)

Dernière mise à jour : 3 déc. 2022




NDLD: Redaksyon HPNInfo.com ap kontinye ak «CRĖOLORAMA» ki se yon ribrik an kreyòl k ap fè pwomosyon liv ki ekri nan lang mamman ayisyen yo e k ap ankouraje lektè yo dekouvri ak apresye literati kreyòl la, swa liv original, swa adaptasyon liv ki fè pati literati mondyal la. Pou dimanch sa a, jan nou te anonse sa a, se premye chapit liv «Chevalye d’Artagnan, yon 4èm Mousketè», adaptasyon kreyòl “Les Trois Mousquetaires”, woman ekriven franko-ayisyen Alexandre Dumas Père e travay ekriven, jounalis ak kreyolis angaje Lyonel Desmarattes, ki okipe espas la. Pa bliye, ribrik sa a pase sou HPNINFO.com chak dimanch. Ekri nou pou ban nou reyaksyon ou, menm si se pa an kreyòl.


Bòn lekti !


Eddy Trofort

Redakte an chef

troforteddy@gmail.com



PREMYE CHAPIT


Prezantasyon Yon Jenn Sòlda Gaskon


Lavѐy jou sa a, chevalye a te rive nan vil Montrichard. Yon souri te klere figi mens li a kote yon moustach fen te byen chita sou yon po-bouch byen desinen, men pwѐs. Dan l yo te byen blan; yo te parѐt trѐ bѐl, trѐ pwòp, e yo te plase nan bouch li yon jan pou moun te wѐ anpil nan yo lѐ l t ap pale, sitou le l t ap ri. Konsa, depi misye te rive nan vil la, se avѐk plezi li te souri chak fwa l te jwenn yon okazyon; li te gen 2 rezon pou sa. Dabò, li pa t rete twòp tan pou l te travѐse Flѐv « La Loire » epi, aprѐ flѐv la, se Pari li ta pral rive. Dezyѐmman, paske anvan Pari, nan yon vilaj ki rele Saint Dye, li te gen pou l pase kay yon dam, yon bon zanmi fanmi li ki, san di pѐtѐt, ta pral resevwa l ak anpil kontantman–omwen se sa li te panse. Depi 4 jou se sou pay nan pak bѐt li te dòmi; alòs se avѐk anpil lajwa, lakontantman li t ap panse, anvan lontan, li ta pral kouche sou yon bon kabann ak matla sou li ; san bliye, anvan lѐ pou l t al dòmi, dam nan t ap prepare yon bѐl asyѐt manje pou li –omwen se sa li te espere.


Wout Peyi Lafrans yo konn long pafwa, sitou si w sou wout depi prѐske 15 jou san rete. Wi, sa te fѐ 15 jou deja depi misye te kite Gascogne, pwovens kote l te fѐt la, avѐk benediksyon manman li, menm si sete ak dlonanje madanm nan te kite l pati; menm si frѐ ak sѐ l yo te ba l ankourajman. Li te pati avѐk 10 liv dò sѐlman nan pòch li, 2 pantalon ak 3 chemiz nan dyakout li, plis yon cheval ki te plis merite rele yon ti bourik ke yon chwal ; li te achte li pou 20 pyѐs lajan sѐlman, pa plis. Sepandan byen, posesyon ki te gen plis enpòtans pou li a, sete yon lѐt rekòmandasyon majistra vilaj li a te ba li pou l remѐt Misye de Treville, kaptenn Konpayi Mousketѐ yo.

Lѐ jenn chevalye a te lakay li, nan pwovens Gascogne, tout moun te rele l Chal, ou pito Chal Jinyò, paske fòk yo te ka distenge l ak papa li, Chal Premye. Li te gen 4 frѐ: Pyѐ ak Pòl ki te kite bouk la pou yo t al nan lagѐ; ansuit Jan ak Rene ki te pran direksyon lame tou; epi 3 gran sѐ: Klodѐt, Chantal ak Anani ki, yo menm tou, te deja kite kay la pou yo t al wѐ pou kont yo kote lavi a te fѐ kwen. Paran pre, paran lwen, zanmi ak vwazinaj te byen renmen prezans Ti Chal nan bouk la; li te menm reprezante yon idòl pou kѐk moun. Ou te ka tande wazen yo di:

“A! Ti gason Chal sa a gen pou l rive lwen. Pѐtѐt pi lwen pase 2 gran frѐ l yo.

-Ou pa di anyen la a. Chal sa a, Ti Chal ou wѐ la a, gen pou l ranpòte tѐlman siksѐ, se li ki pral ranplase Kaptenn de Treville. Se mwen k di nou sa, bann epav!

-Bouch ou pou ou, ou gen dwa di sa w vle… Men, si w prѐt pou rive, ou poko rive. Pawòl la di, “byen pre pa lakay, baz.” Gade ! Nou konn yon bagay ! Menm jan Chal se yon bon gason, se menm jan tou li se yon bon chevalye. Misye konn manyen yon epe! Kanta pou sa, se sa nèt. Mwen pa konn si n konn sa! Nou frenk enève m, atò.. Ammerdez le monde!

-Mwen pa dakò avѐ w, paske… ou gen rezon (Ha!ha!ha! ha!). A wi! Rezon w nan pla mwen w, blodè; e se nan bon sans la m di sa, san iwoni, san ipokrizi, san kachotri. Kanta pou sa vre, se sa: Ti Chal tèlman konn kouri, konn wonpi, konn degaje, yon nonm ka manyen yon epe menm jan avѐ l, men pi byen? Se bliye sa. Se nan lekòl eskrim, wi, m aprann sa. Bann analfabèt! Nou te etidye? Ki kote sa? Nan lekòl di swa ? Tank nou annalfabèt se tank nou bèt ! Pa gade m, ou menm nan !


-Sa k fѐ w pa di pito Chal se yon veritab sòlda, yon militѐ solid, yon Pòl Maglwa kanson-fѐ ki kanpe djanm sou janm li? Li ka bay yon advѐsѐ anba san kenbe, wi. Anba san kenbe, mwen di nou! Konn goumen se yon bagay li pran nan san! Bann endesan! San wont, san santiman! Ki kote n t al lekòl pou n ta konnen bagay konsa? Se pa anba ban n te chita ? Ala traka, papa !”

Tout pale mesye yo t ap pale a, pyès nan yo pa t menm konnen si d’Artagnan te genyen yon lòt non. Non sa a sete “De Batz de Castelmore”. Ala yon bѐl non sa, De Batz de Castelmore… e se avѐk anpil fyѐte jenn nonm nan te pote li. A la verite, apre d’Artagnan te fin adopte non “Castelmore” la, li te vle ale dѐyѐ yon pi gwo non toujou: Batz. Menm si, dapre li, non sa a te twò pre mo espayòl “basta!” – ki vle di “ase”. Menm si l pa t menm konnen kisa mo a te vle di, li te kenbe l kanmenm. Kanta pou pati “Castelmore” la, silab “more” la te yon ti jan ba li pwoblѐm. Eske ou janm konnen yon Gaskon ki se yon “maure”, yon arab? Men, kòm misye sete yon moun a-pa ni nan chwa li, ni nan konpòtman li, ni nan frekantasyon l, pѐsonn pa t konnen pou kisa li te toujou rele tѐt li e fѐ moun rele li “de Bazt de Castelmore”.


Kouyela a sa l te bezwen….. Kisa l te bezwen ankò…? Men, li te byen konnen sa l te bezwen. Li pa t menm reflechi, paske li te konnen twò byen menm kisa l te manke. Si l t ap ezite, sete tou senpleman pou l te pran yon poz, avѐk 2 men l yo plase sou anch li, tѐt li byen wo tankou tѐt yon kòk kalite. 2 gran frѐ l yo, ki te monte Pari 2 zan avan l, te deja antre nan sѐvis Sa Majeste Le Wa kòm mousketѐ e yo te adopte non yon bitasyon ki pa t menm pwopriyete yo menm; men, kanmenm, bitasyon an te pase lontan nan patrimwàn fanmi an, paske ansyen pwopriyetѐ a sete grann yo ki te siyen “D’Artagnan.”


Alòs, se pa t twò konplike. Li menm tou, lѐ l va rive Pari, li pral pran non d‘Artagnan an tou... tankou Pyѐ ak Pòl. An avan, d’Artagnan! A la non sonnen byen! Se yon bѐl mѐvѐy! Non an bѐl, li chik, li chѐk, li chòk!!! A la non santi bon, mesye! Se fon pa plis. Puiske Ti Chal, jan pѐp la te rele misye a, te ranpli tout kondisyon kilfo (an sòm, ѐske tout moun nan vilaj li a pa t ba li bon kanѐ san misye pa t peye yo pou sa? “Vox populi, vox Dei”, non?), li te andwa deklare byen fò pout tout lòt chevalye, nan tout wayòm Lafrans la te tande l:

“Non “d’Artagnan” an se yon non ki reveye sòlda! Se yon non ki anonse lagѐ! Ou jis nonmen non sa a sѐlman, avѐk epe w nan men w; ou byen konn kouri, wonpi, degaje, se toujou lavikwa, se laglwa san mank! Mache pran yo, d’Artagnan, mache pran yo. Kou yo wè Ti Dada, kѐ a yo sote.. Mache pran yo, d’Artagnan, mache pran yo. Kou yo wè Ti Dada, kѐ a yo sote. Mache pran yo, D’artagnan, mache pran yo! Vole, ponpe: pran yo, d’Artagnan, pran yo. Vole, ponpe: pran yo, d’Artagnan, pran yo!!!...”



A suivre...

 
 
 

Comments


ONA.jpg
brh_ad.jpg
votre_publicite.jpg
kredi-ener.jpg
hpn_full_logo.png
bottom of page