top of page

CRĖOLORAMA : "Chevalye d'Artagnan, yon 4èm Mousketè" (Chapit 2)

Dernière mise à jour : 21 nov. 2022




NDLD: Redaksyon HPNInfo.com ap kontinye ak «CRĖOLORAMA» ki se yon ribrik an kreyòl k ap fè pwomosyon liv ki ekri nan lang mamman ayisyen yo e k ap ankouraje lektè yo dekouvri ak apresye literati kreyòl la, swa liv original, swa adaptasyon liv ki fè pati literati mondyal la. Pou dimanch sa a, jan nou te anonse sa a, se dezyèm chapit liv « Chevalye d’Artagnan, yon 4èm Mousketè », adaptasyon kreyòl “Les Trois Mousquetaires”, woman ekriven franko-ayisyen Alexandre Dumas Père e travay ekriven, jounalis ak kreyolis angaje Lyonel Desmarattes, ki okipe espas la. Pa bliye, ribrik sa a pase sou HPNINFO.com chak dimanch. Ekri nou pou ban nou reyaksyon ou, menm si se pa an kreyòl.


Bòn lekti !



CHAPIT 2


Rive d’Artagnan (se konsa li te rele kounyela a) te rive Montrichard sou 15ѐm jou vwayaj la, li te jwenn, jan l te prevwa sa a, yon bѐl resepsyon nan men yon dam ki te yon manm lwen fanmi an. Sepandan, tankou pwovѐb la di sa a: “Bѐl resepsyon, men bѐl malѐ tou.” Misye te just gen pou l chita-tande, chita-tann.


Madanm nan te tѐlman rete an kontak sere ak papa ak manman d’Artagnan, li te rele manmzѐl matant youn ou de fwa li te fѐ deplasman an pou l t al fѐ yon tapenansòs nan vilaj kote yo tout te pran nesans la. Swadizan matant la te deja gen plis ke 60 an. Non li sete Eloyiz de Bracieux. Se raman yon moun te vin lakay li; alòs, li te konsidere kòm yon benediksyon Bondye chak fwa yon nèg lakay oubyen yon fanm lakay te rann li yon vizit. Lѐ l te wѐ d’Artagnan devan l, li te vole sou misye pou l te ba l yon akolad, e li pa t ka sispann pale pou l di kijan l te kontan wѐ jenn fanmi an lakay li.


“Ban m nouvѐl entѐl? Kijan vwazen sesi, vwazin sela ye?”


Anfen, youn te montre kijan li te kontan wѐ lòt la. Yon bon manje, yon bon kabann pou l te repoze l apre yon vwayaj ki te tѐlman long! Jenn nonm nan pa t ka sispann souri pandan li t ap reponn chak kesyon madanm nan te poze l. Ansuit manmzѐl te envite l antre nan yon ti kay ki te sou kote a. Li te prese di misye:

“Atansyon! Gen 4 mach. Veye byen kote w ap met pye w, tande.''


D’Artagnan, ke madanm nan te rele Chal, te manke tonbe. Pou l te deplase, li te oblije bese yon ti kras epi li te tѐlman fѐ nwa, ou preske pa t wѐ eskalye an wòch ki te desann nan “manoir” la ki te fѐt tankou yon kav. La, d’Artagnan te sispann souri, epi tou li te bay mwens detay lѐ l t ap reponn kesyon Madam Eloyiz ki te kontinye pale pandan yo t ap deplase a. Mi ak planche chanm kote yo te antre a te frѐt anpil e yo te gen sant imidite ak mwazi; pafwa, li pa t konn poukisa, sant ki te domine a sete yon sant santidi.

“Mwen pral limen chandelye a.”


Lѐ madanm Eloyiz di sa a, se ak anpil kiryozite jennnonm nan t ap tann pou l te wѐ ki kote li ta pral pase nuit la; an tou ka, li pa t espere pase l nan yon chanm otѐl 5 etwal dapre sa l te deja wѐ. Si se pa t pou manje li te espere manje pi ta kay madanm nan, plis vye cheval li a ke l te mare nan yon chouk bwa anvan l te antre kay Madanm Eloyiz la e ki te bezwen repo, d’Artagnan t ap kouri sòti, kite vye besment sa a, vye kav sa a kote, dapre analiz li, yon moun te ka mouri fasilman e rapidman ak etoufman. Finalman, madanm nan te depoze sou yon tab ki te apiye sou yon mi -paske li te kanpe sou 2 pye sѐlman- sa Ii te rele “chandelye” a: yon gwo moso bwa pen ki te gen difikilte pou l te rete limen tѐlman l te mouye.


Apre yon ti tan (pa mwens ke yon ka dѐ), yon sѐvant te pote yon bouyon. Yon mwatye souri, ki te sou vizaj vizitѐ a lѐ ti danm sa a te antre a, te prese tounen yon grimas lѐ misye te fѐ yon ti goute: sete yon veritab dlo bouyi yo te pote ba l manje. Kantapou pen ki te akonpaye bouyon an, li te di tankou wòch tѐlman li te mal kuit. Lѐ, anfen, d’Artagnan te goute diven an, grimas ki te sou figi l la te tounen yon mas madigra tѐlman li te anmѐ. Sa ki pi mal la toujou, sa l te konsidere kòm yon kuiyѐ a te koupe pobouch li: chandѐl ki t ap klere sal la t ap bay plis lafimen ke limyѐ; konsa misye pa t wѐ si kuiyѐ a te kase e yon bò l te gen fòm yon kouto.


Natirѐlman, d’Artagnan pa t di madanm nan anyen sou eksperyans dekourajan li t ap fѐ a. Manmzѐl t ap ri, li t ap bay blag, li t ap rakonte istwa aprѐ istwa pandan li pa t sispann mande nouvѐl kѐk fanmi li pa t wѐ depi lontan. Lѐ l te fѐ minui konsa, Madam Eloyiz te di swadizan neve l la:

“O, Bondye! Ou dwe fatige anpil?”


San l pa t tann yon repons, li te envite d’Artagnan pase nan yon chanm ki te ankonbre ak baklanklan: zouti, panye, sak, barik, dwoum, prela, elatriye. Sete chanm yon travayѐ ki te konn pote chay pou moun nan katye a e ke madanm nan te resevwa lakay li pa charite. Manmzѐl te mande misye al pase nuit la yon lòt kote, paske l t ap gen yon vizitѐ. Se sou yon planch, an 2 moso, Chal de Batz de Castelmore, Misye d’Artagnan, te ranje kò l pou l te kouche. Chanm otѐl oubyen obѐj pi delabre, pi malouk kote l te dòmi pandan 15 jou li te pase sou wout la, sete yon paradi si w konpare l avѐk swadizan chanm kote manm fanmi li, Eloyiz de Bracieux, te ba l pou l te pase nuit la.


D’Artagnan te leve bonѐ, li te sele chwal li epi l te repran wout Pari san l pa t di dam nan orevwa. Lѐ yon moun mal dòmi epi, an plis de sa, ou mal manje alòske ou te atann ou aske w ta pral pase yon nuit konfòtab e menm agreyab, kѐ w pa ka kontan; se nòmal pou ou akaryat, pou w pa sou bay blag, pa menm nan griyen dan Chevalye a te chita dwat sou cheval la.


Li te pran direksyon bouk Saint-Dyė, pa lòt bò La Loire. Menm panse ke, anvan lontan, li ta pral travѐse gwo flѐv la pou l te antre nan Pari, pa t rive wete pli li te gen nan fwon l yo tѐlman li te enѐve. Li te santi l fatige, sal, vye granmoun, kò rѐd, mizerab. Li te tѐlman dekouraje, li te fin pa di si, pou nenpòt ki rezon moustach li te deplase sou bouch li pou l te tonbe atѐ, li ta p kite l tonbe san ranmase l. Pou la premyѐ fwa depi l te kite kay li, li te regrѐt li te pati ak yon chwal ki pa t sanble ak anyen epi preske san kòb nan pòch li. Se avѐk vye panse sa yo nan lespri l misye te travѐse pòtay ti bouk la pou l te rive nan mache lokal la kote l ta pral fѐ yon eksperyans li ta p gen pou l sonje tout rѐs vi li.


Sete yon jou samdi. Samdi 3 mas 1640 pou plis presizyon. Mache a te chaje kou Leba. Avrѐdi, akoz foul moun ki te gen jou sa a, d’Artagnan pa t rive jous nan mache a. Li te rete gade l de lwen. Nan moman sa a, misye t ap fofile ak cheval li nan yon ti riyѐl ki te plen moun e se la menm, toudenkou, yon pil moun te vin anpeche misye avanse ak fasilite. Te gen yon jenn gason ki t ap vini nan lòt sans la. Jenn mesye sa a te bay etranje a yon rega pandan I t ap souri an menm tan.


Tonnѐ frenk boule bwa! Non, se pa yon souri jenn gason an te adrese d’Artagnan. Se nan betiz ti ensolan mal fagote sa a t ap pase l. Nan 2 twou je derespektan li yo, yon moun te ka li klѐman:

“E! E! A la de pretansyon! Moun nan pa ka menm byen chita sou chwal la, yon chwal ki pa menm merite pote non yon bourik. Bѐt la prѐt pou l tonbe anba pwa mѐt li ki pa menm peze two lou.”


Kòm refleksyon san pale sa a te koresponn ak laverite, d’Artagnan te santi l vekse plis pase si jennonm nan te pale fò pou l te denigre li menm ak chwal zomangay li a. E, kòm sѐn sa a t ap dewoule devan yon bann temwen fawouchѐ, se t ap yon wont, yon avilisman, yon dezonѐ menm si Chal de Batz de Castelmore, ki te gen pretansyon al sѐvi anba kòmandman Mesye de Treville, te kite sa pase konsa.


Alòs, Chal te ouvѐ bouch li pou l te kite yon bann ak yon pakѐt jouman sòti. Ansuit, li te desann chwal la epi l te rale epe l. Menm si l te dwe fѐ san koule, li te dispoze fѐ souri jenn gason derespektan an disparѐt sou figi l. San pѐdi tan, d’Artagnan te di:

“An gad, mesye!”


Sepandan, olye advѐsѐ a te degennen epe l tou, li te kontante l wose zѐpòl li kòm si sa pa t vo lapenn pou l te kwaze fѐ ak enkoni an; epi l te deklare, pandan je l te fikse nan je d’Artagnan:

“Remete epe w la nan fouwo li, jennonm. Si m batay avѐk ou, yo va di m s on asasen. Enpѐtinans tѐt cho w la merite yon bon leson, se vre; men ou pa merite lanmò. Ale! Rapousuiv wout ou, piti.”


Ti mesye, ki t ap fѐ legadѐ yo e ki te antoure 2 belijeran yo, te tonbe ri. Sa te fѐ d’Artagnan vin pi vekse toujou. Men, advѐsѐ l la te deja vire do ba li.


Sete yon gwo potorik gason. Ponyѐt li yo te gwo menm jan ak ponyѐt maren ki pase lontan ap voye kout zaviwon oubyen kout goudi sou lanmѐ. Li te bay enpresyon yon moun ki si de fòs li, ki te byen konnen puisans li pa rapò ak rѐs mond la. Se konsa li te pran desann ti riyѐl la trankilman e tout moun te ka wѐ klѐman li pa t ap okipe l de “yon ti mouch”, jan pѐp ki te rasanble a te rele Chal de Batz de Castelmore, alyas d’Artagnan. Sepandan, sila foul la te rele “mouch” la pa t sòti pou l te rale epe l pou gran mѐsi.


“Misye gen fòs; mwen menm, mwen gen souplѐs. Gwo bouda pa di lasante… Byen vini pa konn zo di… Sa pa pou gran mѐsi pwovѐb la di w: “Ti Jan pi savan pase wa.’’


Pawòl sa yo te travѐse lespri d Artagnan pandan yon gwo kouran kòlѐ te fin anvayi l nѐt, kòlѐ ki t ap pouse l pi devan sou wout la kote l te kontinye rapousuiv advѐsѐ a mòdikis. Misye ta byen renmen leve vwa l byen fò, pou l lanse kont nѐg la kѐk gwo pawòl piman bouk ki ta pi pike, pi sale toujou pase sa l te fѐ moun tande jiskela yo; men, okenn mo pa t ka sòti nan gòj li, tѐlman li te fache. Finalman li te bondi pou l t al kanpe dѐyѐ advѐsѐ a; li te pre misye ase pou l te ba l yon kout pla epe sou tѐt s l te vle.


“Pran misye pa dѐyѐ! Ba li yon kou siprann tankou yon trѐt! Non; yon natif-natal Gascoyn pa aji konsa!”

Jenn gason an te oblije vire pou l fѐ fas ak d’Artagnan. Finalman li te pѐdi pasyans, li te pѐdi san fwa l. Pandan l te mete men dwat li sou manch epe l, li te deklare:

<<Kisa w bezwen, jennonm? Ou poko al fѐ wout ou toujou? M pale w: si w pѐsiste, sa kapab koute w chѐ, wi!

- Sa k fѐ w pa di pito se pѐ w pѐ batay! Ou manke m dega, se dwa m pou m egzije reparasyon.

-Ou twonpe w. Se ou menm ki manke m dega.

-Kisa? Mwen menm ki manke w dega a wi! Se pa t ou menm ki te kòmanse? Eske ta lѐ a ou pa t gade m ak yon rega plen mepri, plen mokri? Ou pa fouti di se pa vre!

-Jenn nonm, je m pou mwen; rega m pou mwen. Mwen fѐ sa m vle avѐk yo.

- Men gen rega ki pale pi fò pase yon diskou. An gad, mesye! Mwen pa vle moun nan vil sa a panse mwen pѐ w. Espesyalman m pa vle yo panse pѐsonn pa ka bat ou. Aprann sa byen: gen anpil lòt ki pi gwo, pi fò, pi koryas pase w, mwen mete do yo a-tѐ.”

Si d‘Artagnan t ap di laverite, sa pa t sanble fѐ li ni cho ni frѐt. Antouka sa l te konsidere kom yon bravado a pa t sanble fѐ twòp enpresyon sou mesye ki te kontinye wose zѐpòl li, kòmkwa deklarasyon plen menas jenn Gaskon an pa t gen tѐlman gen enpòtans pou li. Epi l te di:

”Dyòlѐ! Erezman ou poko gen 20 tan. Sinon, m t ap montre w kijan yon jenn gason manyen on epe.

- Mwen pa gen 20 tan, se vre; men m konn goumen. Rale epe w la, non, a la fen; wete l nan djenn li, non. Kanpe frenk! pou n batay!”

D’Artagnan t ap bondi adwat, agoch. Non; li pa t ka rete an plas tѐlman yon raj t ap bouyi nan tѐt li; e san pѐdi tan li te ajoute:

“Rale epe w la, mwen di w, papa frekan! Degennen l non. Sinon, m ap fout ou yon kout pla epe a ankò, wi; men, fwa sa a se pral nan figi w. An gad!”


Tout moun te sezi wѐ, malgre tout pwovokasyon d’Artagnan, mesye a te rete ak 2 bra l kwaze. Ou ta di se yon fason pou l te enѐve advѐsѐ a plis toujou. Eske l te fou, enkonsyan, ensousyan? Oubyen, ѐske se lach li te lach konsa? Oubyen ankò, ѐske misye te konnen yon sekrѐ pou l te ranpòte laviktwa kout ke kout? Avrѐdi, d’Artagnan t ap pase e repase epe l la nan figi misye, tѐlman pre vizaj li, imaj zam nan t ap reflete nan zye lòt la. Kijan nѐg la te ka rete kal, poze konsa?


Ebyen, moun yo ta pral gen yon eksplikasyon anvan lontan. Konpòtman enkwayab mesye a pa t gen okenn eleman foli ladan l. Sanzatann, d’Artagnan te santi yon bagay rale l trennen dѐyѐ epi yon gwo doulѐ te anvayi tout kò l, espesyalman do li. An menm tan tou yon gwo bri te leve nan mitan foul la… foul la ki te pase alaksyon san avѐtisman. Sa k t ap tonbe sou do d’Artagnan sete kѐk gwo kout baton; yo t ap tonbe dri, rapid, san rete, sitou sou ren misye. Sa k te pi rѐd la, sete kout fouch yo t ap ba li nan kòt li, kuis li, janm li, elatriye.

“Lach! Lach! Lach!”


Se sa sѐlman misye te ka di pandan l t ap eseye pare kѐk kou. Men, kijan li te ka defann tѐt li kont abitan tout yon katye, kont tout yon popilas ki t ap atake l pa dѐyѐ? Se lѐ sa a atò li te vin konprann konpòtman nѐg la. Non, misye pa t gen okenn trik espesyal, li pa t konnen okenn sekrѐ majik. Si l te rete dousman konsa, se paske l te konnen tout popilasyon an te pare pou atake advѐsѐ enpѐtinan an. 2 je d’Artagnan fikse dwat sou jenn gason an, li te kontinye rele li:

“Lach! Lach! Lach!”


E menm si l te tonbe nan labou yon madlo ki te nan mitan riyѐl la, menm si gout san t ap sòti nan men l ak nan figi l, li te kontinye pwente epe l la sou misye:

Lach! Lach! Lach!


Sa sete dѐnye jѐs ak dènye pawòl d’Artagnan. Yon pokorik gason te flanke l yon kout pye nan men dwat li ki te pran senyen; epe l la te sòt tonbe epi gwo goril la te ranmase l pou l te kase l fѐ 2 bout sou jenou l. La menm, d’Artagnan te sispann rele.


Si l te pran mil kout baton, sa pa t ap fѐ l pi mal pase kou l te santi lѐ l te wѐ malandren an kase epe l la, sitou poutѐt li te tonbe nan men yon voryen, yon vatevyen, yon ‘ce n’est rien” ki pa t diyn pou l te menm touche zam onorab sa a. Nan moman an, pandan ke 10 moun t ap peze l pou yo te kloure l atѐ a, jenn nonm li te pwovoke a te panche sou li pou l te di:

“Se yon ti leson, tande, ti bonnonm. M regrѐt sa pou ou. Franchman, kѐ m fѐ m mal pou ou. “


Yon gwo kòlѐ t ap bouyi nan tout tѐt d’Artagnan. Premye reflѐks li sete krache nan figi vakabon an. Men, li te retni li. Apre tou, yon gaskon se yon nonm ki gen noblѐs; epi yon gwo tristѐs te vin pran plas anba kòlѐ ki t ap toufe l la. Bouch li te plen san; li t ap niche pobouch li pandan li t ap souse san an tou. Epi, avѐk yon mistѐ sou vizaj li, li te kenbe 2 je l byen fikse sou jenn gason an. Finalman nѐg la te sispann devizaje d’Artagnan epi li te lanse lòd sa a:

“Mennen misye nan prizon. Mwen pral pote plent pou li.”


A Suivre....

27 vues0 commentaire
ONA.jpg
brh_ad.jpg
votre_publicite.jpg
kredi-ener.jpg
hpn_full_logo.png
bottom of page