REFLEKSYON Lyonel Desmarattes
Mwen ta fou tout bon vre si m ta vle kreyòl ranplase fransè pandan tout dokiman ofisyèl nou ak memwa/patrimwàn entèlektyèl nasyonal nou konsève an fransè. Rezon an (ou pito youn nan rezon yo) se paske depi lendepandans rive jiska tou resamman, jiska apèn 2 jenerasyon, (eksepte, yon seri de vizyonè, tankou Oswald Durand, Georges Sylvain, Moriso-Lewa), Ayisyen te toujou trete lang kreyòl la « an lang moun pye blanch », sete yon “lang lakou”, yon “tèt kanna ki pa t ka /ki pa t dwe monte tab”…
Jiska prezan se yon plezi (snobisme à La Madame Bovary) pou yon ayisyen/ayisyèn deklare “Mwen pa ka li kreyòl.” Mwen jwenn sa ate nan pwop fanmi pa m… Figire nou semenn a menm, mwen voye yon mesaj an kreyòl bay yon kouzin mwen pou l bay yon frè l ki malad. Manmzèl voye yon ‘voice’ ban mwen kote li deklare: “Lè m rive lopital la, m ap rele w epi wa ba Ti Frè m mesaj la ou menm, paske m pa konn li Kreyòl.”
Sa k pi rèd la, manmzèl se yon enfimyèz e mari li se yon medsen. Yo tou le 2 etidye e y ap travay nan sistèm ameriken an. Tout lajounen, tout nannuit ya p li, y ap bay ou byen y ap egzekite preskripsyon ki ekri ann anglè… san pwoblèm, san konplèsk, san plenyen, san traka. Epi pou madanm nan jwenn mwayen, li pa pè, li pa krenn, li deklare m:
“O wi! Rezon ki fè m pa ka li Kreyòl la, se paske li chaje ak “W”, li gen twòp ”X”, twòp “Y”, twòp “Z”.”
Se vre? Se pa vre? E angle a, li menm, li pa full ak “W”? li pa gen plenty “Y”? Hein? Hein? Madanm? Reponn mwen non… Lang blan an pa gen pyes “Z” ladan l? Daye, si w te bay lang manman w ak papa w tou senpleman “le bėnėfice du dout”, si w te bay lang kreyòl la yon chans epi annik eseye li yon paj sèlman –pa plis- mwen garanti w ou t ap deja konnen òtograf oubyen grafi kreyòl la pa gen “X” e se raman li itilize “W” (le pli souvan li ranp lase “W” pa “ou” –menm si pou kont li, lèt “U” a absan nan grafi kreyòl la,e menm si sa ka chanje pi devan). La a, Chè Madam (BOSSA COMBO), mwen pa konn si w reyalize sa, se yon efò an plis ou pa t ap genyen pou l fè.
Alòs, lè kouzin nan rele m depi lopital la pou l te fè m pale ak frè l la, mwen pa frenk! pran apèl l la; e m byen fèt pa pran l. Paske papa m, ki se tonton li, te toujou di nou pa dwe ankouraje ni parès, ni prejije, ni mepri ki pa nesesè, ni enjistis… Yon moun, tout sa l ap fè, tout sa l ap di, tout sa l ap mande, se an kreyòl li fè l, l di l, oubyen li mande l… Epi li touse pwent d…., e!!! e!!!... pwent bouch li pou l f è m konprann li pa ka li kreyòl… Rete yon pwen m te poze l kesyon pou m mande: “Depi ki lè l te Scheila a” (BOSSA COMBO)?
Sepandan, tankou pawòl la di sa, nou dwe konn chwazi konba nou… Si n gen le chwa -tankou Prezidan Manigat te di yon jou- se pou n chwazi fè bagay yo yon jan pou sa bon pou nou. « Li pa ka jan l pase l pase!!! Voyons!!! Comment voulez-vous??? Se pou l pase yon jan ki bon pou nou!!! » (Manigat dixit)…
Alòs, moman an poko rive pou mwen menm, pèsonèlman, ap jwe kat eksklizite a; moman Chevalye nan romans de cape et d’épé yo rele ‘l’instant crucial et fatidique” la poko rive ni poko prèt pou rive (si l ap rive, paske -toujou dapre mwen- ekri/pale 2 Lang olye de yon sèl sè yon GWO PLUS (+) wi, mezanmi. Lennemi toujou sèvi ak opozisyon Fransè Vs. Kreyòl la, just pou l jwe yon kote sou emosyon fanmi tradisyonèl yo (“ki pa vle pitit yo pale tan kou peyizan”) yon lòt kote sou santiman frajil, emosyonèl ak anpirik abitan Laplenn yo, nan zòn riral yo ak anwo sou tèt mòn yo ki di « Nou pa vle pitit nou pale menm jan avè nou. ». Poze pwoblèm nan konsa sepoze yon fò pwoblèm.. Gen obsevatè ki menm di se propagann blokaj sa a, pwopagann tèt anba, visye, chaje malis ak mechanste sa a ki ta lakòz Premye lansman “refòm edikatif la te echwe oubyen li te kanpe nan wout.” Moun ki te dèyè kalte kanpay malonnèt sa a te byen konnen le jou mas pèp ayisyen an gen aksè ak konesans -nan kelkeswa Lang nan- li pral tounen yon mas sitwayen refòme, transfòme, pi byen ame pou l viv pi byen e pou peyi li pi byen reprezante, andedan kou andeyò.
Alòs pou mwen afè konfwontasyon Kreyol kont Franse - Franse kont Kreyòl la, se tou senpleman yon distraksyon, yon “feinte de corps”, yon drib pou fè nou kanpe sou teren an pandan zòt gen tan ap kouri make gòl, y ap toup pou nou. Se pou nou pa tonbe nan pyèj sa yo ankò; epi nou va kapab, yon fason definitif, paske lojik e syantifik, fikse yon echeyans pou annalfabetis, zafè pa konn li, pa konn ekri sa a kaba, F+I= Fi; N+I= Ni, FINI nan Peyi d Ayiti.
Mwen swete tout manm AKA yo, tout zanmi ak senpatizan Akademi an, ak tout popilsyon Kreyolofòn Ayiti a, Lagwadloup, Lamatinik, Guyàn, Zile Moris, Zile Sechèl yo, ak tout gwo dyaspora kreyolofòn nan pase yon bon jounen Entènasyonal Lang Kreyòl yo.
Lyonel D. Desmarattes
Jounalis/Akademisyen
Kreyolis Angaje/Ajan devlopman bibliyografi Kreyòl la
(240) 779 5901
PO Box 2748, Wheaton. MD 20915
NDLD :
Otè atik sa a, Lyonèl D. Desmarattes deja ekri liv sa yo ki swa déjà parèt swa pral parèt anvan lontan:
-Mouche Defas ou Tartuffe an Kreyòl;
-Bravo pou Ayiti ou Horace an Kreyòl;
-Fanm Filozöf ou Les Femmes Savantes an Kreyòl;
-Lekòl Medam yo ou L’Ecole des femmes an kreyòl;
-Zanmi Pèsonn ou Le Misanthrope an Kreyòl;
-Pèp Bondye a ou Athalie an Kreyòl;
-Woben Lakwa ou Robinson Crusöé an Kreyòl;
-Ezile sou Zile (woman);
-Chevalye d’Artagnan, yon 4èm Mousketè, adaptasyon yon volim sou 4 ki fòme woman davanti (Roman de cape et d’épée) Alexandre Dumas Père;
-Refleksyon ak Panse Filozofik, adaptasyon/tradiksyon The Prophet, liv dogmatik ekriven amerikano-libanè Khalil Gibran;
-Tim Tim - Bwa Chèch
Kont Pa m - Istwa Pa m (istwa kout, kont ak lejand).
Comments